Ayisyen pa elijib pou viza lotri ameriken an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayisyen pa elijib pou viza lotri ameriken an 

Depatman deta ameriken fè konnen ayisyen pa elijib pou viza lotri Etazini ap fè a, nan kad pwogram DV-2024 la, kote enskripsyon pou li kòmanse jounen mekrèdi 5 oktòb 2022 a pou bout nan dat 8 novanm 2022. Pwogram sa ap pèmèt etranje ki genyen nan lotri a gen kat rezidans e vin siwtayen ameriken aprè 5 lane kòm bonis. 

Viza lotri Etazini ap fè a ap mete disponib 55,000 kat rezidans pèmanan pou siwtayen peyi ki pa gen plis pase 55,000 imigran sou teritwa ameriken an. Daprè depatman deta, rezon ki lakoz ayisyen pa elijib pou pwogram sa se konsènan kantite ayisyen k ap viv sou teritwa ameriken an ki depase 55,000. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou 5 dènye ane, genyen plis pase 55,000 ayisyen ki imigre Etazini. Prensipal rezon ki lakoz ayisyen pa p gen dwa ak pwogram sa k ap bay rezidans e posiblite pou migran sa yo vin sitwayen ameriken sou senkan. 

Pwogram DV-2024 a, depatman deta ameriken ap jere, valid inikman pou moun k ap viv nan peyi kote pa gen anpil siwtayen ki vle vin Etazini, daprè otorite nan depatman deta yo. 

Yon pwogram ki gratis, ki pa mande okenn lajan pou aplike pou li. Moun ki seleksyone yo dwe reponn yon seri kritè byen presi pou kalifye. Seleksyon yo ap fèt o aza, yon òdinatè ap gen pou chwazi gayan yo. 

Pami peyi ki pa elijib yo, nou kapab site peyi tankou : Bangladesh, Brezil, Kanada, Lachin (Hong Kong ladann) Kolonbi, Repiblik Dominikèn, Salvadò, Ayiti, Ondiras, End, Jamayik, Meksik, Nijerya, Pakistan, Filipin, Repiblik Kore (Kore di Sid), Wayom Ini (eksepte Irland di No) ak teritwa li yo, Venezyela ak Vyetnam. 

Yon moun ki sòti nan peyi ki pa elijib yo kapab vin benefisye pwogram sa tou nan de fason: Si mari w oubyen madanm ou soti nan youn nan peyi ki elijib yo. Nan ka sa a ou kapab reklame peyi natal epouz ou – si non tou le 2 sou demann lan. Avèk si Depatman Deta deside nou elijib, nou ka jwenn viza pou vinn viv Etazini ansanm. 

Lòt la se si ou se moun yon peyi ki pa elijib pou Viza Lotri a men paran w pat pran nesans nan peyi sa a oswa yo patap viv nan peyi sa a lè ou te pran nesans. Si ou ka reponn wi a kesyon sa a ou kapab reklame peyi kote youn nan paran w te pran nesans si peyi sa a elijib pou pwogram DV-2024 la. 

Tout moun ki aplike pou Viza Lotri a dwe reponn kritè edikasyon ak eksperyans travay la. Fòk ou omwens fè etid nan lise oubyen ekivalan an, (sètadi fok ou te fè lekòl primè ak segondè). Pou eksperyans travay la, fòk ou gen omwens 2 zan eksperyans travay pandan 5 an ki pase yo, nan yon pwofesyon ki mande omwens 2 zan fòmasyon oubyen eksperyans pou w fè l. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tout moun ki aplike plis pase de fwa ap diskalifye otomatikman. Depatman Deta mande ak moun ki entèrese yo pou pa rete tann jis dènye semèn pou aplike, sa ka lakoz ou pa ka branche sou sit la pou w fè sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.