« Abandone » yon nouvo film nan sinema ayisyen an

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
abandone yon nouvo film nan sinema ayisyen an

Nan kad fèt travay la, ki se premye me, antrepriz DUROC fè avan premye li ak fim « Abandone », nan Le Villate petyon vil. Yon fim Hans Roc ak Reginald Lubin reyalize. Se yon fim ki monte nan memwa ansyen 2  chantè King Posse : Black Alex ak Lucito. Reyalizatè yo mete aksan sou zèv gwoup mizikal la tou. King Posse ki te gate pèp ayisyen ak bèl mizik li yo, « Abandone » se youn nan mizik ki fè anpil sansasyon, yon mòso moun kontinye ap chante epi danse jis kounya. Fim sa ap disponib pou gran piblik la fen mwa me 2023 a.

Aprè 10 lane antrepriz DUROC deside fè yon premye pa ak fim « Abandone » nan Le Villate Petyon Vil, yon fim Hans Roc ak Reginald Lubin reyalize. Yon istwa sou lavi jenès la, ki gen anpil emosyon, entrig ak sispens. Hans Roc evite tout moun pou yo vin dekouvri zèv sa, yon zèv ki monte nan peyi Dayiti ak imaj lokal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan prezantasyon fim sa, reyalizatè Hans Roc te pale konsa nan mikro NETALKOLE Media : » Abandone se yon zèv pou jenerasyon sa ak sa kap vini yo, pou yo wè imaj peyi yo. Se yon rèv ki vin reyalite, yon projè k ap kontinye fè wout li ak chemen l nan simena ayisyen an. Abandone se yon fim ki fèt nan memwa Black Alex ak Lucito, ki devanse nou ».

Se nan yon anbyans fèt ak lajwa, piblik la te akeyi avan premye sa. Aprè yo te fin gade fim nan, te gen anpil aplodisman nan espas la, piblik la te montre l apresye istwa ak travay la, emosyon te menm mete dlo nan je kèk moun ki t ap dekouvri aksyon aktè Carel ak Amandine. Konsa genyen ki pat neglije pote kritik yo sou zèv la ak fen istwa a. Antrepriz DUROC envite tout moun dekouvri fim nan fen mwa me a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive