De ran dlo de ran larim, Kassoumee monte sou rezo sosyal yo poul di, lipa nan anyen ak bandi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
de ran dlo de ran larim, kassoumee monte sou rezo sosyal yo poul di, lipa nan anyen ak bandi

Karstine Eldad Cangé, nou plis konnen non atis li Kassoumee, pran rezo sosyal yo pou li ankò pou defann tèt li fas ak divès akizasyon li genyen sou do l aprè analiz politik John Colem Morvan te akize li genyen lyen avèk gang Vilaj de Dye yo, patikilyèman Izo.

Plizyè ekstrè ki rive jwenn nou, montre yon Kassoumee ki enkyete fas ak akizasyon li genyen sou do li. Atis la detaye nan pawòl li kantite estrès l ap sibi depi aprè akizasyon sila yo, li menm mande si se vle yo vle fè tiye li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Se mizik mwen fè, se estaf mwen ki banm lòd poum “featuring”, se estaf mwen […]. Lè w rete ou fè tout sa pou yon featuring ke m te fè ak yon atis sa gen 1 an kèlke mwa pou chwazi pou retire lavi m pou sa. Pou yon mizik m pat sipoze fè ak yon atis, ebyen m mande padon wi. M mande padon”, li deklare pami divès pawòl avan l te pete kriye.

Atis la denonse leta ki pa genyen nan peyi a, « moun akize moun nenpòt kijan ». « Moun ranse avè w jan yo vle, moun betize avè w jan yo vle, moun elimine w jan yo vle », li kontinye pou di pandan l ap mande odyans li a, oubyen sila ki konsène yo, padon pou sa li fè, ak sa li pa fè.

Kassoumee rive menm deklare li pare pou l bay nimewo telefòn li antanke pèsòn piblik, pou Digicel revele kontni konvèsasyon l yo,  avèk kiyès li te genyen yo.

« Si omwen nou jwenn menm 2% nan tout sa n ap di sou mwen yo, si se verite, pa kyè pou nou rache m a manchèt, pou nou fè tout sa nou vle. Si sèlman nou jwenn 2% » – Karstine Eldad Cangé

N ap raple, li pran lapawòl aprè plizyè moun sou rezo sosyal yo te lonje dwèt byen long sou li nan zafè atis oubyen fanm ki nan konfyolo avèk bandi. Epitou, an rezon plizyè fanm, pami yo enfliyansèz, ki sou rezo sosyal yo ki genyen lyen avèk yo. Atis la fè konnen si yo pa jwenn li inonsan, akizatè li yo mèt bay li menm sò ak medam ki mouri nan zafè “fanm ki madanm ak konplis bandi yo” k ap teworize popilasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.