Abinader mande kominote entènasyonal la pou l met lapè nan peyi d Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
abinader mande kominote entènasyonal la pou l met lapè nan peyi d ayiti

Prezidan dominiken an, Luis Abinader pa sispann montre enterè l genyen pou lòd ak lapè retounen sou zile a, pi patikilyèman nan bò pa peyi d Ayiti a ki pa sispann pèdi repitasyon l nan zye Karayib la ak rès mond lan, akòz move zak bandi ap komèt la.

Samdi 25 mas la, Chèf leta dominiken an pat pase pa 4 chimen pou mande kominote entènasyonal la pran responsablite l pou mete lapè pa bò isit an Ayiti, paske se sèl solisyon peyi ki zanmi Ayiti yo ka ofri pou sove l jiskaprezan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Kominote entènasyonal la paka pèmèt sitiyasyon sa ap kontinye an Ayiti. Se sila ki pi pòv yo k ap soufri. Kèk grenn moun ki rich yo se Miami ak Repiblik dominikèn yo ye », se sa l fè konnen pandan 28yèm somè ibewo ameriken an, kote plizyè Chèf leta nan Amerik latin nan ak Ewop la t ap patisipe.

Pou M. Abinader yo vyole pèp ayisyen an nan tout sans. Bandi vyole yo, yo vyole dwa yo, entegrite ak diyite yo, san kite anyen dèyè. Konsa li mande Nasyonzini prese prese pou l bay yon repons ak demann k ap fèt pou pran kontwòl peyi a epi metrize vyolans ki gen la pou pèp la ka rale yon souf.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.