Abitan Saint Louis du nord tiye epi boule yon polisye aprè yon altèkasyon

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
abitan saint louis du nord tiye epi boule yon polisye aprè yon altèkasyon

Darilien Emmanuel, se non polisye 29yèms pwomosyon sa ki rive pèdi lavi l anba kòlè popilasyon an nan zòn « Saint Louis du Nord » aprè midi 1ye me 2023 a aprè yon altèkasyon li te genyen ak kèk moun. Daprè konfimasyon Sendika Polis Nasyonal la (SAPOHA)

Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè konnen, polisye a te nan yon ti bouch long ak kèk sitwayen, li rale zam li poul bay presyon li tire jiskaske li blese 2 moun. Plizyè sitwayen ki te sou plas rantre sou li epi tire plizyè kout chaplèt sou li jiskaske yo mete dife sou li epi touye l devan tout moun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre Darilien Emmanuel di li se polisye, malgre li idantifye l, pèp la wete lavi polisye an fonksyon an paske li ta blese sitwayen yo ak bal reyèl.

Nan yon nòt li rann piblik sou kont Twitter li, Sendika Polis la mande ak tout polisye yo pandan fòm mouvman « Bwa Kale » a pèp la monte kont bandi yo, pou yo plis pridan nan aksyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.