Bandi Fontamara yo fèmen tout klèb bonè pou veye lè ap gen yon kouri

NetAlKole Publication
Par NetAlKole Publication
bandi fontamara yo fèmen tout klèb bonè pou veye lè ap gen yon kouri

Plizyè elèv lekòl ak ti machann t ap swiv sèn kote « Dwòl » ki se 2zyèm chèf gang Tibwa a epi ti frè chèf gang Christopher Chery (Krisla), t ap fè fèmen baryè plizyè klèb nan lide pou yo gen kontwòl nenpòt kouri ki ta prevwa fèt nan alantou Fontamara ki debouche sou zòn Matisan yo.

Tibwa, youn nan baz bandi ki pi pisan nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, ki genyen advèsè yo « Gran Ravin ak Village De Dieu », ghetto sa a genyen 2 prensipal chèf bandi k ap mennen l, Christopher Chery ki gen ti non li « Krisla » ak yon ti frè l tout moun konnen sou non « Dwòl ». Malgre gwo deblozay zòn sa konn rekonèt, se youn nan katye popilè tout aktivite toujou fonksyone kòmsadwa, tankou ; Anwo Wout Sab, Wout Kajou, Anba Mabou, Pon Bèna, Lakou Mango, Sitecharit, Kafou Modèl, Koko Chat, Bizoton, Lawochèl, pou n site sa yo sèlman. Depi aprè gwo gè ki te mete anfas bandi Tibwa yo ak Gran Ravin yo 1ye jen 2021 pase a, ki te menm dire 1 lane, aktivite yo te yon jan ralanti, menm kous machin gen yon lè yo limite l nan zòn sa.

Wikenn ki sot pase a, « Dwòl » ki se tifrè « Krisla » pase tout disko yo lòd pou yo fèmen baryè yo bonè pou yo gen kontwòl katye a plis a nenpòt moman ta gen yon derapaj[…], daprè sous nou ka fè konfyans, « Dwòl » sa a se li ki pi mechan andedan katye sa a, moun pa tèlman pale de li, li toujou ap deklare  » Gen de derespektan ki pap fèt nan 3zyèm nan lè l premye chèf » nan afwontman li toujou devan, li pa senp, timoun pa tèlman renmen jwe avèl paske l pa gen bèl vizaj. Toujou daprè sous nou an ki, pou rezon sekirite l deside rete anonim.

Mouvman « Bwa Kale » a lakòz Bandi yo pa an sekirite

Depi aprè mouvman « Bwa Kale » a pèp la lanse jou ki te 24 avril 2023 a nan degwann bandi san fwa ni lwa yo, ensekirite a panche anpil sou bò bandi yo, yo pa konn kote pou yo met kò yo paske pèp la mobilize dènye tan sa yo pou bay tèt yo jistis fas enpinite ak zak bandi yo pa sispann fè sou yo.

Plizyè bandi deja fè vwèl pou peyi san chapo anba kòlè popilasyon an, plizyè rakwen nan kapital la kou pwovens, moun yo foule beton an ak manchèt nan men yo, wòch, koko makak, kouto, kòd, chèn elatrite… Pou demantle epi sasinen bandi menmjan yo abitye fè l sou sitwayen yo kidnape, polisye oubyen bandi parèy yo.

Pèp la pa brennen, yo pa montre yo anvi bay vag, yo detèmine pou netwaye tout ti kwen ki gen bandi pandan y ap kontribiye ak ajan PNH yo ki toupatou, pou dechouke malfektè san ginen ki pa sispann simen dèy nan mitan divès fanmi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article