Abitan Site Letènèl nan Matisan viktim bal mawon san rete pandan operasyon PNH la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
abitan site letènèl nan matisan viktim bal mawon san rete pandan operasyon pnh la

Operasyon lapolis yo kontinye nan Vilaj de Dye dènye tan sa yo. Kontrèman ak enfòmasyon ki ta fè kwè polisye yo ta jwenn lòd pou kanpe tout entansyon yo pou kwape gwoup bandi 5 Segond yo, chèf gang Izo ak Manno ap dirije a. Pandan operasyon sila a, abitan 2èm site plis rive nan Site Letènèl plenyen anpil akòz bal mawon ki pa sispann konte viktim nan mitan popilasyon sila a.

Daprè konfimasyon yon konfrè jounalis enfliyan nan katye sila a, depi relanse operasyon an ayè mèkredi 10 me 2023 a, divès moun viktim bal mawon nan zòn ki tou pre Vilaj De Dye yo, “2èm, 3èm, 4èm, 5èm Site Plis, Site Letènèl”, elatriye… Nan yon videyo li pataje ak redaksyon an, nou te kapab wè vrèman vre espas twou bal yo nan kèk mi kay moun, nan yon wotè moun abitye enstale pou bay blag, espesyalman nan Site Letènèl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Operasyon PNH yo vin pi serye nan katye sila a, men sa pa anpeche viktim yo nan popilasyon an miltipliye. Daprè kèk temwen, se ta bal cha yo ki rive nan perimèt sila a. Menm gaz lakrimojèn polisye yo itilize pou fasilite operasyon an rive nan perimèt moun sa yo. Sa ki kreye gwo panik, sitou moun sa yo paka deplase pou al lòt kote.

Depi aprè lanmò malonèt 5 ajan Swatt Team yo nan baz bandi Vilaj yo 12 mas 2021 pase a, ajan fòs lòd yo swaf yon operasyon andedan klan malfra san manman sa yo. Èske polisye ki sou plas yo ap vanje san Frè Dam yo ki te pase anba imilyasyon malfektè san fwa ni lwa sa yo fwa sa a ? Yon kesyon ki toujou rete kòm sijè nan redaksyon NetAlKole Média.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.