Administrasyon Biden lan mande moun k ap fè demann azil yo pou fè sa avan yo vini sou fwontyè a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
administrasyon biden lan mande moun k ap fè demann azil yo pou fè sa avan yo vini sou fwontyè a

Gouvènman ameriken an konte tabli divès nouvo règ ki pral rann kondisyon pou fè demann azil yo pi difisil. Pou kounya se avan yon moun rive Etazini pou l fè sa sinon pwosesis li a pap konsidere.

Administrasyon Biden lan pwopoze madi a pou genyen plizyè restriksyon ki aplike kont sila k ap fè demann azil yo, li di l vle anpeche twòp moun debake sou fwontyè sid li a lè yo pral leve mezi ki lye ak pandemi COVID-19 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Règ sila yo, ki pibliye sou rejis federal la pou yo ka resevwa kòmantè pandan 30 jou avan l antre an aplikasyon, sanble tounen an pati sou menm pratik rejim Donald Trump lan t ap aplike a, men tribinal yo te fini pa anile l.

Men administrasyon Biden nan fè konnen pandan Kongrè a pa fè okenn aksyon an, se sèl mannyè pou yo jere fwontyè a kote jiska 200 mil moun ap tante franchi chak mwa, pi fò nan yo se pou fè demann azil.

Règ yo ap oblije migran yo ki vle vini Etazini pou yo fè demann azil yo an liy atravè aplikasyon ofisyèl CBP One nan, epi mande yon randevou pou wè responsab ameriken ki lye ak pwosesis la, oubyen pou yo fè demann azil la nan yon peyi avan yo rive sou fwontyè Etazini an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.