Yo jwenn kadav Anaïka Petit-Frère ki gen 5 lane anndan machin yon pastè

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yo jwenn kadav anaïka petit frère ki gen 5 lane anndan machin yon pastè

Anaïka Petit-Frère se non yon timoun 5 lane yo jwenn mouri depi 18 fevriye pase a nan machin pastè Robenson Pierre, yo plis konnen sou non Jonas.

Pwòch tifi a akize pastè Jonas ta ofri l kòm sakrifis, men pyès rezon poko wè tou swit ak akizasyon sila yo. Men daprè plizyè moun, yo te konfye pastè a Anaïka nan kad yon joune lanmè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo jwenn kadav Anaïka Petit-Frère anndan machin pastè a ki te estasyone nan pakin lopital CITIMED, nan Okay. 2 zòtèy li koupe epi kò l kouvri ak poupou, se konsa yo jwenn tifi 5 lane a san vi anndan machin nan.

Pastè a ki nan mawon aktyèlman fè konnen pa bò kote pa l Anaïka mouri neye pandan l t ap benyen nan lanmè. Pou kounya dosye a devan lajistis. Yon kabinè deja sezi l epi mande arestasyon responsab 4yèm Église de Dieu Okay la, ki se dirijan plizyè lòt legliz nan Sid la tou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.