Ajan BLTS Ronald Docteur jwenn liberasyon l aprè 6 jou dèyè bawo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ajan blts ronald docteur jwenn liberasyon l aprè 6 jou dèyè bawo

Ajan BLTS Ronald Docteur jwenn liberasyon l jodi madi 6 jen 2023 sa a. Daprè dènye enfòmasyon Lionel Lazarre ki se responsab Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) konfime pandan yon entèvyou ak yon medya nan kapital la.

Aprè yo te akize l kòm moun ki ta nan konkonbwèt ak frè li, Johny Docteur, Lapolis ap chèche kou chen fou pou trafik zam ak minisyon nan non Legliz Episkopal Dayiti a, polisye Ronald Docteur, Lapolis te arete vandredi premye jen 2023 a jwenn liberasyon l jodi a, aprè li ta pase 6 jou a dispozisyon lajistis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se kowòdonatè Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA), Lionel Lazarre, ki konfime liberasyon an ak ajans Le Facteur.

N ap raple, depi jou arestasyon Ronald Docteur a, premye jen an, ajan BLTS yo te kòmanse yon grèv depi lendi pase a pou egzije liberasyon frè Johnny Docteur a.

Nou ta dwe sonje tou, Johnny Docteur ki se ansyen chèf franchiz epi aktyèl Asistan direktè ministè ekonomi ak finans lan, lapolis gen avi rechèch dèyè l, te kite peyi a depi 19 me 2023. Pou moman sa, li loje l nan peyi Etazini, li te pase pa Repiblik Dominikèn, daprè enfòmasyon nou genyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.