Atak kont lekòl : ONAPE pwopoze kreyasyon yon fon pou lekòl ak agrandisman EDUPOL 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Foto : Model fm

Aprè zak vandalis yo te komèt sou plizyè lekòl pandan manifestasyon yo, biwo nasyonal pou patenarya edikasyon (ONAPE) pwopoze kreyasyon yon fon sipò piblik-prive pou lekòl ki afekte yo. Fon sa a pral pèmèt renouvèlman  estòk manje lekòl ki te peri yo. 

Biwo a pwopoze tou ekstansyon sèvis polis kominotè ki bay edikasyon (EDUPOL) nan vil pwovens yo.  Pwopozisyon sa yo te fèt pandan yon reyinyon Konsèy Administrasyon an ki te fèt samdi 17 septanm 2022. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manm Konsèy Administrasyon ONAPE a, ki te fòme pami lòt, Minis Edikasyon Nasyonal, reprezantan sektè biznis prive, sektè sendika pwofesè, òganizasyon paran, sektè edikasyon prive, rezo edikasyon piblik, PDG ONAPE te eksprime enkyetid yo konsènan klima sa a ki afekte lekòl yo. 

Prezidan konsèy la, Minis Nesmy MANIGAT, ki di li okouran sitiyasyon an, pran bon nòt de pwopozisyon yo.  Li pwomèt lap pataje yo ak Gouvènman an pou swivi dispozisyon ki pral adopte yo. Minis la pwofite enfòme yon platfòm echanj ant tout aktè nan sektè a ap monte pou resevwa doleyans epi aji atan pou antisipe derapaj epi, idantifye solisyon pwoblèm yo sou teren an. 

Daprè kondisyon reyinyon an, yon lòt reyinyon ekstraòdinè pwograme pou Mèkredi 21 septanm 2022, nan lide pou kontinye diskisyon ak pwopoze yon plan d aksyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.