Plis pase 17 000 Ayisyen mande azil pou Meksik pandan ane 2022 an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plis pase 17 000 ayisyen mande azil pou meksik pandan ane 2022 an

Sòti janvye pou rive desanm 2022, peyi Meksik resevwa yon total 118 478 demann migran pou rekonesans estati refijye pou yo, daprè sa Komisyon meksikèn èd pou refijye yo (Comar) rapòte madi 3 janvye 2023 a.  

Nan rapò sa komisyon an pibliye pandan semèn lan, migran ayisyen yo klase twazyèm kòm pèp nan rejyon an ak plis demann azil pou Meksik pandan ane 2022 an avèk 17 068 demann, lwen dèyè Onndiras ak Kiba ki se youn aprè lòt premye epi dezyèm.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon mesaj sou rezo sosyal yo, Chèf Comar lan, Andrés Ramírez Silva, fè konnen se dezyèm pi gwo kantite kandida pou demann azil peyi Meksik resevwa dènye ane sa yo, dèyè ane 2021 an ki gen rekò an jiskaprezan.  

Sitwayen sa yo ki sòti toupatou nan Amerik latin ak karayib lan pa sispann eseye tout chimen posib ki ka mennen yo nan peyi Etazini. Daprè Comar, gen yon gwo ogmantasyon depi oktòb 2018 nan kantite migran k ap rive Meksik ak lide pou travèse fwontyè ki mennen Etazini an. 

Daprè done Komisyon meksikèn èd pou refijye yo, Repiblik Dominikèn ki ap konnen yon kwasans ekonomik enpòtan nan rejyon an dènye ane sa yo twouve l nan dizyèm plas klasman an avèk sèlman 1 421 demann azil pou Meksik. 

N ap mansyone, se sanse premye fwa sou dènye ane sa yo Ayiti pa twouve l nan tèt klasman sa nan zafè migran k ap mande azil pou Meksik. Avèk 17 068 kandidati, Ayiti twouve lwen dèyè Onndiras ki genyen gwo lo a ak 31 086 migran ki fè demann pou azil. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.