Almay vini premye gran peyi Ewòp ki legalize kanabis

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
xr:d:dafuf5dgilk:4905,j:8254396173159021241,t:24040521

Depi premye avril la, Almay vini youn nan peyi an Ewòp, premye pami pi gran yo, ki legalize kanabis. Yon desizyon ki etone anpil obsèvatè lè yo konnen jan Almay se yon peyi ki konsèvatè.

Jan sa te fèt nan peyi Liksanmbou ak Malt, an 2021 ak 2023, kounya se kou pa Almay pou l mete kanabis legal sou teritwa l la. Men gen anpil kondisyon ki dwe respekte pou posesyon ak konsomasyon sibstans sa nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Legalizasyon kanabis la konsène moun ki rezide nan peyi a depi 6 mwa omwen. Fòk moun lan gen 18 lane oubyen plis epi l pa dwe transpòte plis pase 25 gram. Yon moun kiltive jiska 3 plant marigwana lakay li, li pa gen dwa pataje nan rekòt li a. Si règ sa yo ta vyole, sa ka koute moun nan pèn prizon ki ale de 2 a 5 lane.

Desizyon sa rive pran malgre opozisyon yon pati nan klas politik la ak aktè sante piblik yo. Malgre legalizasyon sa a, li p ap fasil pou w jwenn dwòg sa an Almay. Otorite yo espere y ap rive jwenn yon solisyon kont pwoblèm sa nan yon delè ki pa twò long.

Yo poko ka komèsyalize kanabis la akoz pozisyon Inyon Ewopeyèn parapò ak dosye sa. Apati premye jiyè, legalizasyon sa ap pran yo lòt etap kote pral gen « klèb kanabis » legal nan peyi Almay. Klèb sa yo ap ka gen maksimòm 500 moun.

 

Source Image: La verte feuille

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.