Alphonso Davies, premye bitè pou Kanada nan tout istwa Mondyal la

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
alphonso davies, premye bitè pou kanada nan tout istwa mondyal la

Alphonso Davies louvri eskò a pou Kanada devant Kwoasi, nan dezyèm jounen gwoup F la, dimanch 27 Novanm nan. Se premye fwa yon Kanadyen fè gòl nan tout istwa Koupdimonn lan. 

Jan nou konnen l deja, se dezyèm fwa Kanada ap patisipe nan Mondyal la. Premye fwa yo te patisipe, nan lane 1986, yo pa t rive fè filè yo tranble. Pou 22è edisyon Mondyal la, yo retounen nan batay la e yo pa kite okazyon an pase pou yo fè gòl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nou t ap jwe dezyèm minit nan match la lè Alphonso Davies fè bèl kout tèt pou l bay Kanada avantaj la sou Kwowat yo. Malgre Kanada te jwenn yon dividal okazyon devan Bèljik, li pa t rive konkretize youn. Men jwè John Herdman yo pa t pèdi tan fwa sa pou yo fè sa. 

Alphonso Davies, se lateral goch Bayern Munich nan peyi Almay. Li gen 22 lane e li ranpòte Champions League la deja avèk Bavawa yo. Li fèt nan yon kan refijye e li te rejwenn peyi Kanada lè l te gen 5 lane paske paran l t ap sove pou gè sivil. 

Menm si konpetisyon an jèn toujou, Davies se jwè ki fè gòl pi bonè nan Mondyal sa. Gòl sa p ap janm sòti nan listwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.