Alyans Inivèsite Ayiti lanse yon apèl pou kontinye  mobilizasyon yo pou jete Ariel Henry sou pouvwa a 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
Foto : (RICHARD PIERRIN / AFP

Alyans Inivèsite Ayiti yo (AUH) nan yon nòt di bay tout sipò li a divès manifestasyon popilè kont gouvènman Ariel Henry a. Pou estrikti sa a, lokatè biwo Premye Minis la montre yon enkapasite pou soulaje mizè pèp ayisyen an. 

Estrikti ki rele « Alyans Inivèsite Ayiti » a fè yon rapò kote li montre sitiyasyon peyi a kap degringole, ak lavi chè, ensekirite, nan sans sa estrikti sa fè konnen gouvènman  Ariel Henry a se echèk li pote nan peyi. Se sak fè Asosyasyon sa a di li bay tout sipò li nan mobilizasyon an ki vize dechouke ekip ki sou pouvwa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Alyans Inivèsite Ayiti di li apwouve mouvman pwotestasyon ki mande depa Ariel Henry paske li pa kapab soulaje mizè pèp ayisyen an, epi li di li ankouraje nenpòt mouvman ki vize bay peyi a yon nouvo gouvènans, sansib ak enkyetid popilasyon an. 

Yon lòt bò, Alyans Inivèsite Ayiti, mande reprezantan sektè politik ak peyizan, asosyasyon anseyan yo, asosyasyon inivèsite yo ak federasyon bawo yo ann Ayiti pou yo rive jwenn yon akò pou yo tabli yon gouvènman pwovizwa andeyò dikte entènasyonal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.