Fritz Jean voye jete enfòmasyon ki ta fè kwè li sou wout siyen yon akò ak Ariel Henry 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
fritz jean voye jete enfòmasyon ki ta fè kwè li sou wout siyen yon akò ak ariel henry 

Prezidan eli akò Montana a Fritz Alphonse Jean voye jete byen lwen deklarasyon Doktè Louis Gérald Gilles yo, manb akò septanm, ki fè kwè gen akò ki ta pral siyen nan lè k ap vini yo ant premye minis Ariel Henry ak lòt aktè ki enplike nan kriz la, pami yo li menm. 

Daprè ekonomis la, se yon blag. Fritz Alphonse Jean fè konnen li poko menm negosye ak pouvwa anplas la, sa ki fè nan okenn ka li pa t ap ka siyen okenn akò. Ansyen gouvènè bank santral la di li kapab diskite ak tout moun sou nesesite pou jwenn yon solisyon ak kriz la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi kèk jou, non Fritz Alphonse Jean ap site fò kòm youn nan moun k ap gen pou nan tèt konsèy tranzisyon ki pral gen pou dirije peyi a avèk Ariel Henry. Daprè ekonomis la, yon fòm pouvwa konsa ap ranfòse pi plis toujou Ariel Henry. 

Prezidan eli akò Montana a fè konnen nan ka li ta gen pou vin prezidan Wo konsèy tranzisyon an, li vle gen yon pouvwa reyèl e non yon senp figiran. Toutfwa, Fritz Jean fè konnen li toujou rete atache ak Montana. 

Nan ka ta gen yon akò ki pou siyen, ansyen gouvènè Bank santral la di li vle diskite ak entènasyonal la avan sou sipò yo ka bay peyi a fas ak sitiyasyon mizè ak ensekirite peyi a ap konnen dènye tan sa yo, sinon tranzisyon an ap echwe. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.