Ak 19 lane sèlman, jèn jwè anglè a, Jude Bellingham, fini kòm pi bon jwè nan chanpyona Almay la. Malgre ekip li, Borussia Dortmund, pèdi tit li nan denyè minit yo. Pou sezon an, jwè a fè 8 gòl epi bay 5 pas desizif. Se te poumon ekip jòn ak nwa.
Youn nan pi gran pwomès foutbòl la, Jude Bellingham, rive pran tit meyè jwè Bundesliga a. Talan li, vizyon jwèt li ak atitid li pou sèlman 19 lane, montre ki sa li ka ofri epi pote pou foutbòl la. Se youn nan rezon ki fè Real Madrid se pwochen destinasyon jwè a.
Yon lòt bò, Borussia Dortmund vle jwè a rete paske kontra l ap fini jis 2025. Pou l ta kite klèb la sezon sa fòk Real Madrid ta bay plis pase 100 milyon ewo. Yon montan prezidan Real Madrid la, Florentino Perez, prè pou l ta bay pou jwè a.
Aprè bèl paj sa ak klèb alman an, Jude Bellingham kapab al chache plis epi montre talan li nan youn nan pi gwo ekip nan mond lan, Real Madrid, epi fè bonè sipòtè madrilèn yo.
Facebook Comments