Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMAH), nan yon nòt pou laprès, fè konnen li pran nòt sou nominasyon majistra Jean Joseph Lebrun nan prezidans Lakou Kasasyon an. Daprè Asosyasyon an Jij Lebrun, ki te fè yon karyè nan sistèm jidisyè a jiska jounen jodia pa nan okenn sak pa sa.
Sepandan, Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMAH) te fè konnen desizyon Konsèy minis lan pa konfòm ak konstitisyon an men Asosyasyon an deklare li pa gen entansyon opoze ak desizyon sila akoz sitiyasyon difisil sèvis jistis piblik la ap fè fas jounen Jodia.
Nan sans sa, Jij Jean Wilner MORIN, prezidan ANAMAH, di li rete atache ak konviksyon li genyen an rapò ak respè konstitisyon an ak lwa Repiblik la nan domèn nominasyon jij yo. Sepandan, nan gade nan anpil ka ki deja annatant nan Tribinal yo asosyasyon aksepte desizyon an menmsi li pa konfòm ak manman lwa peyi a.
Yon lòt bò, Asosyasyon Pwofesyonèl Jij yo (APM) fè konnen bò kote pal, li bat bravo pou nominasyon Jij Jean Joseph Lebrun kòm Prezidan Lakou Kasasyon. Pou APM nominasyon sa a se yon etap enpòtan ki ap pèmèt entitisyon an fonksyone jan sa dwe fèt, sa ki ap mete fen nan malfonksyònman CSPJ a.