ANAPROSS poze kondisyon pou l reprann aktivite al pran gaz nan Tèminal Varreux a 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anapross poze kondisyon pou l reprann aktivite al pran gaz nan tèminal varreux a 

Anpil kesyon pa sispann poze sou distribisyon gaz la ki toujou poko ka reprann nan ponp yo depi aprè lidè G9 an fanmi e alye a, Babekyou fin anonse yo debloke Tèminal Varreux a pou aktivite yo reprann. Pou Asosyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon sèvis yo (ANAPROSS), yo manke gen enfòmasyon sou kondisyon ki mennen deblokaj sa. 

Sou antèn radyo Kiskeya, lendi 31 oktòb, Marc-Antoine Nési ki se pòt pawòl ANAPROSS, fè konnen malgre anons Chèf G9 an fanmi an sou deblokaj Tèminal Varreux a, gen nan aktè yo ki ezite plase kòmand pou alimante ponp gaz yo ki fèmen depi plizyè mwa akoz kriz gaz peyi a ap konnen depi kèk tan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou ANAPROSS, anpil nan operatè yo pè pou pa gen yon relans nan twoub sosyal ak vyolans nan peyi a, jan sa te ye sou de dènye mwa yo, sa ki te lakoz yon bon pati nan aktivite anndan peyi a paralize kote jiska jounen jodia lekòl toujou poko ka louvri. 

Sa ki, daprè Marc-Antoine Nési, kapab eksplike reta ki genyen nan repriz aktivite yo nan Varreux malgre wout ki mennen nan Tèminal la aksesib. 

Toutfwa, pòt pawòl estriki a soulve plizyè lòt rezon ki anpeche repriz aktivite yo, pami yo desizyon gouvènman an pou ogmante pri gaz la nan ponp yo, enposiblite pou operatè petwolye yo peye dèt yo genyen sou kòmand yo, san konte kondisyon sekirite yo ki toujou pa garanti. 

Asosyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon sèvis yo mande, pou yo rekòmanse nan dinamik distribisyon gaz la, fòk Leta ayisyen kapab bay garanti gaz la ap kapab rive nan ponp yo. 

Pòt pawòl ANAPROSS la di y ap kontinye soutni revandikasyon popilasyon an k ap reklame pou gouvènman Ariel Henry a tounen sou desizyon retire sibvansyon gaz la epi 128% ogmantasyon ki ajoute sou pwodui petwolye yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.