Sendika anplwaye Lotri Leta ayisyen (SELEH) denonse epi kondane atak ki vize dènye tan sa yo plizyè aktè nan sektè jwèt aza nan peyi ansanm ak enstitisyon ki gen pou wè ak jwèt pou lajan.
Nan yon nòt ki pote siyati Sekretè jeneral Jean Hervé Eliscar, SELEH rele anmwey kont divès atak pandan moman kriz sa ki vize aktè nan sektè jwèt aza nan peyi a kote pami yo sendika site ka asasina, kidnapin, vòl ak agresyon fizik.
Pandan peryòd sa, bandi ak zam kidnape direktè Paryaj Pam, asasinen pwopriyetè Père Eternel Lotto a Éric Jean Baptiste, kidnape pitit Mosanto Petit moun plis konnen sou non Toto Bòlèt, batiman Dekabès ki piye, san konte divès ka vòl ak agresyon fizik ki fèt sou travayè ki nan sektè a.
Daprè Sendika anplwaye Lotri Leta ayisyen an, se yon seri atak sible ki vize dirèkteman sektè a, sa ki kapab lakoz yon bès konsiderab nan kantite travay k ap kreye nan sektè a, sitiyasyon SELEH denonse.
Sendika a pwofite pou envite Direktè jeneral Lotri Leta ayisyen an, Luc OUANCHE, pou travay ak enstans konsène yo pou garanti sekirite vi ak byen diferan aktè ak envestisè nan sektè a li gen responsablite pou jere.
Facebook Comments