Anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens nan yon avi fè konnen yo enkyete anpil pou detèryorasyon klima sekirite nan peyi a epi pou pèsistans mank gaz la sou teritwa Nasyonal la. Se sak fè akòz sitiysasyon sa, Anbasad la mande tout sitwayen ameriken yo pou yo retounen Ozetazini byen vit.
Nan avi sa, Anbasad la fè konnen pwoblèm ensekirite a ki pa janm sisspann ak mank gaz sa k ap kontinye grandi ap anpeche sitwayen Ameriken yo jwenn transpò pou ale ak pou sòti anbasad la ak ayewopò atravè peyi a, e li fè konnen tou gouvènman ameriken an limite anpil nan kapasite li pou bay sitwayen ameriken an Ayiti sèvis ijans e li pa kapab bay sèvis navèt oswa transpò.
Anbasad la nan avi li a di pwoblèm sa yo ka limite aksè ak sèvis esansyèl nan ka ijans yo, tankou aksè nan bank, transfè lajan, swen medikal ijans, entènèt ak telekominikasyon, ak opsyon pou transpò piblik ak prive.
Se sak fè, Anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens rekòmande pou tout sitwayen Ameriken yo ki an Ayiti, anvizaje retounen Ozetazini.