Ann fè yon ti pale de mo Krèy la  

Revital Lynch
ParRevital Lynch

Pou reprann kesyon Pierre Jean “ Ki Ayisyen ki pa renmen Krèy ? ” Gen kèk kote sou bout tè Dessalines lan, koze Krèy sa yo pa fin twò konnen l men aksyon yo pa enkoni pou yo. Jounen jodi a, mo sa lage nan fè aktyalite, tankou Petwokaribe, l antre nan lang manman nou depi kèk tan e li pa kite pèsòn san reyaksyon lè yon lòt pwononse l. An reyalite, ki sans mo sa ?  

Gen gwo otèl nan vil Pòtoprens lan ki gen gwo repitasyon ak koze Krèy sa. Anpil fwa, se kèk dyaspora ki patwone aktivite krèy yo. Men, se pa tout tan paske gen moun ki jere ti zafè yo anba chal pou koze yo pa pran lari. Gwo zotobre, ti zotobre, timoun 2000, granmoun yon gwoup moun di k echwe, tout kouch nan sosyete a konsène pa koze sa, Krèy. Si w pa t ko fin byen konnen sans mo sa, yo defini l kòm rapò seksyèl ak plizyè patnè an menm tan

- Advertisement -
Ad imageAd image

Krèy la se yon trip kèk zanmi ki konn abitye gen rapò seksyèl deja (sexfriend), deside fè men yo konn envite lòt zanmi vin patisipe. Konsa, konn gen plizyè gason, plizyè fanm e youn konn fè twòk ak lòt. Moun manje moun moun, tout bagay fè LEGIM, yon lòt mo yo konn itilize pou di Krèy la nan Kreyòl Ayisyen an.   

Gen anpil fi ki renmen Krèy. Yo di li eksite yo ; déjà se plezi y ap chèche e sa ede yo jwenn li. Anpil fwa, krèy yo konn planifye, men se pa tout krèy ki planifye ki byen pase, sitou si fi a pa t konnen si t ap gen tren, sa yo rele gèdè a. Gen fi ki renmen krèy men yo pa dakò gèdè a. Gen Krèy tou ki fèt ki jis rete zafè fanm, nan CaRiMi l ap rete jiskaske yon ti fache met pye epi Twitter ak Facebook vin okouran. Gen plizyè egzanp konsa ki pran lari deja. 

Bagay yo konn varye nan zafè Krèy la : li konn 3 moun, 4 moun, 5 ou plis. Youn nan fòm nou souvan jwenn, selon anpil temwanyaj anonim, sa a twa, pafwa li konn gason + gason + fanm oubyen fanm + fanm + gason. Li souvan depann de gou ak oubyen relasyon zanmitay moun yo…    

Anpil moun ta vle fè kwè mo Krèy la ta swadizan yon pratik lakay timoun 2000 yo senpman. Selon yon ankèt ekip Netalkole Media mennen, se pa vre. Mo a kapab se yo ki plis itilize l men avan menm lane 2000 lan te pwente granmoun lontan yo te konn fè l. An reyalite, aksyon moun yo rele Krèy la pa yon pratik ki la yè maten. Anpil rechèch montre pratik sa te la lontan anvan nou vin mete mo a an vòg nan sosyete nou an. Youn nan premye kote yo kòmanse pale de Krèy se nan Bib la, yon liv ki rakonte listwa sòti depi nan tan lakreyasyon rive nan tan Kris la.

Jan sa te di pi wo a, gen de moun LaBib pale de yo ki enplike nan yon istwa ki gen ilistrasyon Krèy la ladan yo. Gen wa Salomon ki t ap viv ak 1000 fanm, selon sa yo rakonte nan LaBib, nan 1 Wa 11 vèsè 3, poze tèt ou kesyon : Youn apre lòt li te konn al nan relasyon ak yo oubyen ? Lòt istwa a se nan Jenèz 19 vèsè 32 rive nan 38 ; yon istwa ki pi ansyen ki rakonte pitit fi Loth yo te kouche ak li. Depi gen twa moun pou pi piti li pa lòt ke Krèy, menm si gen moun ki fè chwa di l an fransè ensès, menaj a twa, elatriye…    

Yon bagay nou dwe konnen : si pale de Krèy jodi a se yon sijè k ap fè aktyalite, se pa yonn nan pi bèl pwomosyon nou te ka fè pou sosyete nou an. Anpil fwa, gen jèn fanm ki lage nan fè Krèy se pa pi renmen yo pi renmen sa. Men kòm sosyete a pa ofri yo anyen sinon aprann yo devan yo se biznis, yo chwazi swiv liy lan. Souvan, se pou yon Benjamen oubyen kèk Ipolit yo lage kò yo nan fè sa. Men sa pa vle di tout moun k ap fè sa se nan bezwen yo ye…  

Pa gen pyès kote li ekri la lwa entèdi Krèy sitou si li fèt yon kote ki fèmen, tankou otèl yo abitye fèt yo. Èske l se yon bon pratik pou fè l ? Pèsòn pa ka dikte w sa w dwe fè, se ou ki dwe konnen kisa k ap bon pou ou. Ou ka pa renmen fè l, ou ka poko janm fè l men imajine mennaj ou mande w pou l fè yon Krèy avè w ? Nou mèt kite kòmantè yo y ap entèrese kèk moun. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.