Plizyè Ayisyen konte manifeste devan Mezon Blanch pou denonse wòl kominote entènasyonal la nan sitiyasyon peyi a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè ayisyen konte manifeste devan mezon blanch pou denonse wòl kominote entènasyonal la nan sitiyasyon peyi a

Plizyè konpatriyòt Ayisyen ki fè pati dyaspora a nan peyi Lèzetazini konte foule beton an nan Wachinnton pou mande gouvènman ameriken an pran responsablite l nan kriz aktyèl la k ap ravaje teritwa ayisyen an depi plizyè lane.

Nan yon lèt, Kowalisyon Òganizasyon Ayisyèn Dyaspora Atravè Mond lan, bay tout moun randevou devan Mezon Blanch, nan Wachinnton DC, 21 jiyè k ap vini la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Òganizatè yo swete fè vwa yo pase byen fò nan moman yo pral tou pwofite denonse enplikasyon Kominote entènasyonal la nan enpas Ayiti twouve l aktyèlman an – yon peyi ki tonbe anba pouvwa gang k ap teworize moun nan tout rakwen, lavi chè, grangou ak chomaj, elatriye.

Kowalisyon an di li kwè ak fèmte Kominote entènasyonal la ap jwe yon jwèt kriminèl ak pèp ayisyen an. Yo mande pou tout moun ini yo pou vin fè vwa yo pase devan Mezon Blanch.

“Antanke nasyon, nou soufri anba enfliyans kominote entènasyonal la, e sa dwe sispann”, se sa nou ka li nan yon kopi lèt la ki rive jwenn redaksyon nou.

N ap raple depi lane 2022, kominote entènasyonal la tanmen divès reyinyon sou dosye Ayiti a nan lide pou wè si yo ka adopte divès mezi pou reponn ak kriz la, men jiskaprezan anyen pa janm fèt. Nan Nasyonzini, plizyè peyi tankou Lèzetazini, Kanada, Lafrans, Repiblik dominikèn ap denonse kondisyon vi aktyèl la pa bò isit, men okenn mezi poko janm antre an vigè pou pèp la ka rale yon souf anba ensekirite a patikilyèman.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.