Anpil Ayisyen swete mèsenè ris “Wagner” yo foule sòl peyi d Ayiti pou vin mete lòd nan dezòd

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
anpil ayisyen swete mèsenè ris “wagner” yo foule sòl peyi d ayiti pou vin mete lòd nan dezòd

Daprè medya ameriken New York Times, yon gwoup mèsenè ris, ki se “Wagner”, ta anvizaje pwopoze gouvènman ayisyen an èd yo pou fè yon entèvansyon nan peyi d Ayiti pou vin konbat gang yo, ak konbat enterè Lèzetazini nan rejyon an.

Plizyè sitwayen, patikilyèman sou rezo sosyal yo, pa kache kontantman yo swit ak nouvèl la. Yo fè konnen « yon entèvansyon konsa t ap bon pou peyi a » paske yo pa wè jiskaprezan kisa Lèzetazini ak Kanada itil teritwa a nan batay ki ap mennen kont ensekirite a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo pa mete dlo nan bouch yo pou kritike parès Lèzetazini afiche nan dosye Ayiti a pa bò kote konsèy Nasyonzini an, sitou yo repwoche «zam k ap retire lavi moun tout lasent jounen nan lakou peyi d Ayiti se lakay Tonton Sam yo sòti ».

“Byenvini Wagner Kisa n ap tann pou n rantre vin met lapè nan peyi” : Philogène Mercier

“Lèzetazini pa itil nou anyen. Byen okontrè yo konplis nan soufrans nou kòm pèp” : Haiti1804

“Entèvansyon mèsenè ris Wagner yo t ap ede n rale yon souf wi. Sa n ap tann ti mesye. Welcome !” : Marx Karl Étienne

Sa yo se temwayaj kèk itilizatè rezo sosyal Facebook ki kontan nouvèl sila ki pran lari 3 jou aprè chèf gouvènman ayisyen an, Ariel Henry, te rankontre yon jeneral retrete lame amerikèn nan salon diplomatik ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a, toujou daprè NYT.

N ap raple, “Wagner” se yon sosyete militè ris prive k ap batay an Ikrèn pa bò kote Larisi. E se pa premye fwa l ap mennen mòd batay sa yo. Li te mobilize pou premye fwa nan lane 2014 lè envazyon Krime a, e l ap evolye sou plizyè teritwa pami yo nan peyi Mali, an Afrik. Gwoup mèsenè ris “Wagner” aji kòm bra ame Moskou genyen ki pi diskrè. E youn nan misyon prensipal li se batay kont enterè Lèzetazini tout kote yo kapab mete pye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.