Yon lòt semèn tristès pou Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ki pèdi 3 polisye nan Tomasen, komin Petyonvil, swit ak yon anbiskad bandi ak zam. Gang Ti Makak la fè yon lòt kou sou PNH la ankò ayè dimanch 09 avril 2023 a, se sa nou aprann.
Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA), ki bay enfòmasyon sila, fè konnen 3 polisye mouri anba bal nan Tomasen aprè bandi ki fè pati gang Ti Makak yo, k ap dirije anlè Petyonvil, te fin tann yon anbiskad pou yo.
Viktim yo se Robenson Nicolas, Fortilien Medèze ak Junior Dorcély Pierre Paul.
Byen bonè ayè dimanch lan PNH te deplwaye nan Tomasen pou te asire sekirite popilasyon an. Kèk tan aprè l te fin anonse sitiyasyon an sou kontwòl, nouvèl lanmò 3 gadyen lapè nou site pi wo yo t ap pral pran lari.
Swit ak trajedi a, Premye minis peyi a, Ariel Henry pa t pran tan pou lage yon twit senpati ak polisye ki viktim yo, fanmi yo ak tout enstitisyon an.
“Frè polisye nou yo viktim ankò jodia anba bal vakabon k ap simaye latwoublay. Nou deplore zak baba sa yo. Nou renouvle bay pèp ayisyen an detèminasyon fèm nou genyen pou nou fè tout sa n kapab pou reyalize kreyasyon yon klima sekiritè ak estabilite nan peyi a k ap mouri epi ki an dèy. Nou pa ensansib avèk sitiyasyon an e n ap travay san kanpe pou jwenn yon solisyon dirab.”
Pa bò kote pa l, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) sòti yon nòt pou denonse atak sila nan Tomasen 32 ayè dimanch Pak la. Li bay PNH la, fanmi viktim yo ak popilasyon an an jeneral asirans Gouvènman an ak Wo kòmandman lapolis la ap travay nan lide pou lalwa ak lapè kapab renye sou teritwa a.
Toutfwa n ap raple, se pa premye fwa bandi k ap batay pa bò kote Ti Makak yo fè viktim nan kan PNH la. Yo gen san omwen yon dizèn polisye sou men yo deja, patikilyèman pou lane 2022 a.
Facebook Comments