Nasyonzini (ONU) mande yon lòt fwa ankò pou gen yon fòs ijans ki deplwaye an Ayiti. Nan yon deklarasyon ki pibliye nan dat madi 9 me a, yo fè konnen se plis pase 600 moun ki deja mouri pou mwa avril ki sot pase a nan zafè zak vyolans k ap fè san koule sou teritwa a.
Daprè sa Nasyonzini te ekri nan deklarasyon sila, vyolans k ap fèt an Ayiti yo, non sèlman yo fèt souvan epi yo pi tèrib tou, li elaji nan menm moman gang yo ap chèche pran plis teritwa.
ONU ki mande yon repons ijan fas ak sitiyasyon an, fè konnen sa te lakoz moun ap mouri tankou se lè dlo ap sot anlè tonbe anba, san konte pousantaj vyolans yo ki ogmante.
Òganizasyon an atire atansyon tou sou dènye mouvman yo ki gen nan lari a, aprè kèk pèsonalite politik ak jounalis, te envite sitwayen yo òganize yo pou konbat vyolans gang yo. Li denonse tou mòd ekzekisyon sila yo.
Nasyonzini, nan menm nòt la, fè konnen zafè Bwa Kale ki gen nan peyi a lakoz lanmò pou pi piti 75 moun, ladan yo 66 manm gang. Fas ak sitiyasyon sa, enstans entènasyonal la di li kwè li ijan pou kominote entènasyonal la sipòte ranfòsman polis nasyonal la epi deplwaye yon fòs sipò touswit sou teritwa a pou yon peryòd ki limite.
Facebook Comments