Chèf gang Tilapli vle vin bay alye li yo ranfò nan kè kapital la

NetAlKole Publication
Par NetAlKole Publication
chèf gang tilapli vle vin bay alye li yo ranfò nan kè kapital la

Depi plizyè jou aktyalite yo nan peyi d Ayiti sou yon lòt fòm, kote se “jibye yo k ap chase chasè yo”. Plis pase yon trantèn bandi deja pati pou peyi san chapo anba men yon pati nan popilasyon an ki di l bouke ak zafè ensekirite a.

Aprè lanmò plis pase yon ventèn bandi nan kèk zòn tankou Tijo, Kanapevè ak Debussy depi kòmansman semèn nan, chèf gang Gran Ravin nan pa an pè ditou. Renel Destina alyas Ti lapli pa sispann fè gwo menas sou popilasyon an epi fè konnen entansyon li genyen pou l ta entansifye prezans li nan kè kapital la Pòtoprens epi tabli baz li la.

Wi, depi ayè mèkredi a chèf gang nan entansifye atak li yo nan zòn Kafoufèy, pi patikilyèman nan Savann Pistach, kote y ap bat pou yo pran sou komisarya sila an otaj nan lide pou jwenn pasaj ki mennen nan vil la. Toutfwa lapolis ap fè rezistans.

Yon sous nou kapab fè konfyans rapòte chèf gang nan detèmine pou vanje lanmò plizyè nan sòlda li yo anba kòlè popilasyon an. Ti Lapli menm menase lavi moun Kafoufèy nan lanmò bandi sila yo.

Depi yè swa nan Savann Pistach popilasyon an ap viv ak gwo kè sote, an rezon atak bandi yo ap mennen kont lokalite sila. Yo mande pou Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ranfòse prezans li la an rezon pwisans gang yo ak zam yo genyen. Deja n ap raple bandi Gran Ravin te fè Sou komisarya sila fèmen pòt li deja.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article