Ansyen depite Gary Bodeau mande PM Ariel Henry tounen sou desizyon ogmantasyon pri gaz la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ansyen depite gary bodeau mande pm ariel henry tounen sou desizyon ogmantasyon pri gaz la

Ansyen prezidan chanm depite a, Gary Bodeau, mande jounen lendi 26 septanm 2022 a ak Premye minis lan, Ariel Henry, pou fè bak sou desizyon gouvènman an pran pou ogmante pri gaz la nan ponp yo pou evite peyi a plonje nan yon gè sivil. 

Pou ansyen palmantè an, ogmantasyon 128% pri pwodui petwolye yo se yon dezisyon ki pa ka aksepte, se yon pwovokasyon gouvènman an plas la ap fè sou popilasyon an ki riske mennen peyi a nan yon eklatman sosyal. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Jodia, premye minis Ariel Henry dwe sonje l ap jere yon antrepriz kolektif kote pèp la se aksyonè majoritè a. Si li menm ou di w ap deside pou li an di w li pa p kapab sipòte ogmantasyon brital pri pwodui petwolye yo ou dwe tande e konprann», deklare ansyen depite Dèlma a, Gary Bodeau. 

Ansyen vis prezidan asanble nasyonal la estime chèf gouvènman an dwe tande rezon e pran yon desizyon sajès pou tounen sou desizyon ogmante pri gaz la nan ponp yo. Gary Bodeau envite lòt manb gouvènman yo bay premye minis lan verite konsènan reyalite ki gen la jounen jodia k ap agrave akoz desizyon sa. 

«Wout sa Ariel Henry pran an se yon pwovokasyon. Nou pa dwe pwovoke sitwayen yo paske tout kondisyon yo reyini pou yon eklatman sosyal. Peyi a tou pre yon eksplozyon. Si Ariel Henry pa ka dirije peyi a se pou l demisyone », deklarasyon ansyen palmantè a ki voye jete tou nòt Chanm komès ak endistri lwès la ansanm ak pozisyon kominote entènasyonal la konsènan desizyon gouvènman an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.