Antonio Guterrez apiye desizyon gouvènman an e fè konnen se fanmi yo ki dwe sibvansyone 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
antonio guterrez apiye desizyon gouvènman an e fè konnen se fanmi yo ki dwe sibvansyone 

Nan yon entèvyou li bay jounen dimanch 18 septanm 2022 a ak jounal fransè RFI, kote l t ap pale sou kriz sosyopolitik ki genyen nan peyi an, Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterrez fè konnen se fanmi yo ki dwe jwenn sibvansyon e non pwodui petwolye yo. 

Patwon Nasyonzini an fè konnen, li rete kwè, yon demach konsa ap pèmèt sila yo ki plis nan bezwen yo jwenn resous ase pou kapab reponn ak sa yo genyen kòm bezwen lè sibvansyon an ale jwenn fanmi yo dirèkteman e non nan pwodui petwolye yo. 

Fas ak sitiyasyon k ap devlope nan peyi a depi plizyè jou, sekretè jeneral Nasyonzini an fè konnen egalman dwe genyen yon pwogram entènasyonal pou apiye fòmasyon ak ekipman Lapolis la nan lide pou kapab mete fen ak aksyon gang yo. 

Menm jan ak chèf gouvènman an nan dènye diskou li an, Antonio Guterrez fè konnen mouvman pwotestasyon k ap fèt nan peyi a depi kòmansman semèn pase a pa de mouvman politik, se gang avèk de moun ki kole ak sektè ekonomik lan epi pouvwa politik la. 

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.