Manifestasyon nan tout peyi a, plizyè moun blese, plizyè sèn dechoukay 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
manifestasyon nan tout peyi a, plizyè moun blese, plizyè sèn dechoukay 

Popilasyon ayisyèn nan te obsève vandredi 16 septanm 2022 sa a pou yon lòt fwa ankò jounen mobilizasyon kont desizyon gouvènman Ariel Henry pran pou ogmante pri pwodwi petwòl yo andedan ponp yo. Yo fè sèman sou depa Premye Minis lan. Enstitisyon piblik tankou prive te rekonèt yon defisi total, lòt moun yo ki te leve kanpe nan divès rakwen te piye antrepriz yo ki loje nan plizyè vil peyi a san konte zòn metwopolitèn nan.  

Plizyè moun te blese anba bal pandan fòs lòd to tap eseye defèt entansyon kèk manifestan. Se te pratikman dezòd nan plizyè vil nan peyi a Vandredi sa a. Manifestasyon yo ap vin pi motivan de jou an jou revandikasyon yo ap ogmante chak jou pi plis. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo te monte barikad epi yo te boule kawotchou sou tout wout yo te fè eskal yo. Trafik machin kou moto te sanse disparèt depi plizyè jou sitou nan sant vil Dèlma a. Nan Petyonvil yon tantativ deblozay te rive echwe gras ak entèvansyon lapolis la. Bank komèsyal, magazen, lekòl, menm enstitisyon piblik yo te viktim yon lòt fwa ankò. Gwo leve kanpe sa a te kòmanse lendi dènye, kèk èdtan apre Premye Minis Ariel Henry te pale ak nasyon an pou l te anonse desizyon pou ogmante pri gaz la nan ponp yo. 

Vandredi sa a, mouvman an te pran yon lòt nivo an plis. Manifestan yo te vin pi vyolan, sitou nan aksyon yo te poze yo. « Dechoukay la » se te inik mouvman ki te fè bandwòl jounal yo padan prèske tout semèn nan. Plizyè konpayi te atake epi piye sou wout Dèlma a, pami yo bank sendika ayisyen an, konpayi « Top Tires » ki sitiye sou wout ayewopò a. Lapolis te blije chanje misyon yo, plizyè moun te jwenn arestasyon yo. 

Yon pati nan manifestasyon yo ki te soti nan youn nan  bidonvil peyi a, ki te genyen nan tèt yon pisan gang kap dirije yon estrikti kriminèl ki pote non  » G9 an fanmi e Alye  » Jimmy Cherisier anpil moun rekonèt sou non  » Barbecue », ki se tou yon ansyen polisye epi pòtpawòl kowalisyon kriminèl G9 an fanmi e alye a. PNH la te sèvi ak bal tout kalib epi gaz lakrimojèn pou eseye dispèse foul moun sa yo ki tap grandi pa pil epi pa makòn, ki te vin sèvi kòm menas tou. Yon jèn gason te blese ak bal, daprè yon repòtè nan Radio Mega ki te sou plas. 

Nan Gonayiv, sèn piyaj yo te kontinye tou. Aprè  « Caritas »,  youn nan gwo antrepriz ki sou kontwòl yon legliz katolik nan vil la, PAM, presbitè vil la ak biwo UNOPS, tout te atake,  Kolèj  » Immaculée Conception (CIC) »,  yon sikisal Digicel ak Sant Kadinal Keller, manifestan yo te  piye tou yon sikisal biwo Sogebank ki chita kòl nan 2 Mapou. Sèn dechoukay yo pat piti. 

Nan Saint-Marc, enstitisyon piblik, rezidans ak biznis prive yo te atake epi piye tou. Yo mete nan  yon biwo ONA nan Sen Mak. Yon sikisal Digicel, APN ak rezidans prive mesye Fraël. Yo te piye yon biwo Cam Transfert ak Natcom. 

Nan Wanament, depatman Nòdès peyi a, plizyè santèn moun te pran lari pou manifeste kont ensekirite, enjistis ak lavi chè. Se ak  pankat nan men yo, plizyè foul moun te okipe lari a, revandikasyon yo pat piti. manifestan yo mande pi bon kondisyon lavi popilasyon an. Yo piye tou yon biwo solidarite fwontyè 

Nan Leyogàn, revandikatè yo te mete gwo dife nan lokal Direksyon Jeneral Taks la (DGI) 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan Tigwav, popilasyon an pat bay vag. Wout yo te toujou sou kontwòl manifestan yo. Yo te mete barikad epi boule plizyè kawotchou sou prèske tout wout yo. 

Nan Okap, depi nan Jedi, sitiyasyon an te yon ti kras diferan de lòt vil yo. Tansyon an te kòmanse jwenn yon kalm,  Sepandan, pati nan nò a te toujou rete bloke. Trafik toujou pa egziste malgre mouvman yo te frèt tankou boul mab,  barikad ak ma kawotchyou yo, te remake nan plizyè kwen vil la. 

Se tout peyi a ki mobilize kont desizyon gouvènman an pran pou ogmante pri pwodwi petwòl yo. Vil yo pat kòdjòm menm. Gouvènman an pa gen entansyon fè bak. Kòm prèv, daprè dènye enfòmasyon pèsonèl editoryal la te resevwa, gouvènman an pral deklare nan jou yo, yon eta dijans sekirite ak yon kouvrefe jeneral. Sa vle di, pyès mouvman manifestasyon pap gen aksè nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan tan sa a, sèn piyaj yo kontinye, pou kouwèl ye la a, mouvman pwotestasyon yo ap pwolonje pou pi douvan, pèp la di yo pap djougan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.