Anviwon 40 migran ayisyen viktim yon aksidan nan peyi Meksik

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anviwon 40 migran ayisyen viktim yon aksidan nan peyi meksik

Yon karantèn migran ayisyen viktim yon aksidan sikilasyon nan vil Santa Rosa, peyi Meksik, pandan yo te sou wout pou rantre ilegalman sou teritwa ameriken an. 

Bis sa ki t ap transpòte migran ayisyen yo ta pral plonje nan yon ravin pandan yo te sou wout Cuilapa ki twouve l nan vil Santa Rosa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Migran sa yo ki te nan bis la, aprè aksidan sa, ta pral rapidman jwenn sekou ponpye ki te vin ede yo. 

Daprè ofisye Pedro Lima Escobar, plizyè nan migran sa yo te rann yo nan sant sante ki nan zòn nan pou te kapab jwenn premye swen. 

Chofè ki t ap kondi machin sa ki te gen migran ayisyen sa yo, daprè ofisye Escobar, te gentan chape poul li e pasaje yo te gen entansyon pouswiv vwayaj yo pou rann yo nan peyi Etazini. 

Pami migran sa, genyen pou pi piti 8 ti bebe ak 8 jèn timoun ki te nan vwayaj sa e ki ta pral jwenn asistans otorite lokal yo aprè aksidan sa, daprè enfòmasyon ki pibliye nan laprès peyi Meksik. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.