Anviwon yon dizèn moun mouri nan yon fiziyad nan Bonrepo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
anviwon yon dizèn moun mouri nan yon fiziyad nan bonrepo

Se pou pi piti 9 moun ki pèdi lavi yo ayè dimanch 15 me 2023 a nan zòn “Montè”, Bonrepo, ki pa lwen estasyon machin ki pral Mibalè yo, sou wout nasyonal nimewo 3. Yon machin vit tente pase epi louvri kout zam sou moun ki te kanpe, daprè moun ki te sou plas.

Premye eleman enfòmasyon yo fè kwè majorite nan viktim yo se chofè moto an rezon nan zòn kote ensidan rive a genyen yon estasyon machin la a. Toutfwa tranch laj viktim yo pa presize, men genyen fanm pami yo.

Plizyè manm nan popilasyon an lonje dwèt byen long sou bandi Kanaran yo k ap opere nan menm zòn lan, men yon ti kras pi wo. Konsa tou, genyen lòt ki idantifye machin lan kòm yon machin Lapolis.

Toutfwa n ap raple, zòn Kanaran an anba kontwòl yon gang ki gen nan tèt li “Jeff”, ki abitye vin opere tout nan mache Bonrepo a. E yo abitye fè fiziyad la yo deja.

Aprè trajedi a, byen bonè lendi 15 mas la, popilasyon an, men nan machwè, t ap tante reprann aktivite l timidman, an rezon fiziyad ayè a. Yo pè pou otè zak yo pa retounen ankò, daprè plizyè temwanyaj.

Ka fiziyad yo vin pi kouran sou teritwa a. Plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pase anba woulo sila a sòti 2022 pou rive 2023. Nan Delma 19, Jeral Batay, Karade, Kanaran, elatriye, plizyè dizèn viktim deja resanse, e souvan fwa pi fò nan yo se chofè moto.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.