Melchie Daëlle Dumornay ranpòte pri Revelasyon sezon an nan D1 Arkema a

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
melchie daëlle dumornay ranpòte pri revelasyon sezon an nan d1 arkema a

Atakan seleksyon nasyonal ayisyèn lan, Melchie Daëlle Dumornay, ranpòte pri Revelasyon sezon an nan D1 Arkema a nan okazyon Gala sa ki òganize jodi lendi 15 me a pou rekonpanse tout pèsonalite ki te make sezon an nan peyi Lafrans.

Jwez Stade de Reims lan ki te nan kous ak loreya dènye edisyon an, Laurina Fazer, genyen pri Revelasyon an pou sezon 2022-2023 a. Grenadye a kontinye ap epate tout moun depi li rive nan foutbòl fransè a.

Atakan ayisyèn 19 lane a k ap jwe dènye sezon l sou koulè remwaz yo avan l pran direksyon Olympique Lyonnais, kote li pral gen pou jwe apati sezon k ap vini an nan D1 Arkema a, ranpòte premye pri li nan chanpyona fransè a.

Malgre jèn laj li, Melchie Daëlle Dumornay kontinye ap briye tout kote li pase. Sòti nan chanpyona nasyonal fanm lan an Ayiti, pase nan tout kategori jèn yo nan seleksyon nasyonal la, rive nan foutbòl fransè a sou koulè Stade de Reims, talan sa sou wout reyalize yon gwo karyè foutbòl.

Corventina ki pami jwez ki pi desizif pou Stade de Reims yo sezon sa nan foutbòl fransè a, enskri 11 gòl epi bay 4 pas desizif nan match ofisyèl yo avèk remwaz yo. Ayisyèn lan fini nan tablo estatistik yo devan atakan PSG an, Laurina Fazer, ki te genyen edisyon avan an.

N ap raple, akote pèfòmans nan klèb yo, Melchie Daëlle Dumornay te detèminan nan kalifikasyon seleksyon nasyonal ayisyèn lan pou pwochen Koupdimond lan, avèk prensipalman double li an nan baraj entèkontinantal yo fas medam chilyèn yo (2-1).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.