Aprè 24è, otorite gouvèmantal ak polisyè yo pa reyaji sou nouvèl atak gang yo nan kapital la 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
aprè 24è, otorite gouvèmantal ak polisyè yo pa reyaji sou nouvèl atak gang yo nan kapital la 

Ayè jedi 2 mas la plizyè katye nan zòn metwopolitèn pòtoprens la, espesyalman Nazon, Solino, Delmas 24 ak Pòs machan te konnen yon sitiyasyon ki te trè konplike, kote gang ak zam Bel Air yo te atake katye sa yo, sa ki te lakoz plizyè dizèn fanm, gason ak timoun abandone lakay yo. 24è tan annaprè, otorite ki nan gouvènman  an ak nan  enstitisyon polis nasyonal la pa rache yon mo sou evènman sila.  

Evènman ki pase ayè jedi a nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn lan montre ouvètman sila yo ki nan tèt gouvènman an, tankou premye minis la, doktè Ariel Henry ki se chèf CSPN lan, ak direktè jeneral lapolis la, Frantz Elbé pa fè okenn reyaksyon pou pote popilasyon an sekou, men de preferans primati a anonse 3 jou dèy pou ansyen minis Gerard Latortue ki mouri  Ozetazini nan Boca Raton.  

Daprè politològ Modelet Fertil ki te pale nan redaksyon nou, otorite yo pa gen okenn enterè pou yo reyaji sou dosye sila a, paske daprè li menm gouvènman ki an plas la nan konfyolo ak gwoup gang yo k ap teworize popilasyon an.   

Pi lwen jounalis prezantatè emisyon “Invite du Midi” ki pase  sou Televizyon Karayib la kwè koze ensekirite a aranje manm gouvènman  ki an plas la, paske yo pa gen entansyon reyalize eleksyon nan peyi a pou yon lòt gouvènman monte.   

“Si gouvènman ki la rive reyalize eleksyon, konnen se moun pa yo k ap eli, paske yo pa vle swivi fèt nan okenn dosye koripsyon yo enplike ladan yo, tankou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la, premye minis Ariel Henry akize kòm youn nan moun ki enplike ladan, donk sitiyasyon ensekirite a p ap chanje ak moun sa yo, te konkli politològ la.  

Bò kote pal jiris ak defansè dwa moun lan epi direktè OCNH la, mèt Camille Occius redaksyon Netalkole a pa t rive jwenn te reyaji sou rezo sosyal twitter pou li di   

“Moman rive pou lidè ak lòt Moun ki gen enterè nan kriz la konsyan pèp ayisyen an pa ka kontinye ap viktim de ensekirite ankò, twòp kidnapping, twòp asasina mete ak fanm ak tifi y’ap vyole. Konsta klè PNH la  pa ka  kwape bandi yo. Solisyon an pa lòt ke Yon fòs etranjè.”  

Redaksyon Netalkole Media a  ap souliye pou lektè li yo peyi Ayiti pa sispann fè fas ak vyolans gang ame yo ki afekte tout sektè nan peyi a, malerezman fòs sekirite ki la a pa gen ase kapasite pou kwape ensekirite a, se sa ki lakoz otorite gouvènmantal yo ap chèche sipò nan men Òganizasyon Nasyonzini, peyi Kanada ak Etazini pou entèvansyon yon fòs militè nan peyi a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia