Aprè Benzema, 6 lòt jwè ki kapab debake nan peyi Arabi Sawoudit

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
aprè benzema, 6 lòt jwè ki kapab debake nan peyi arabi sawoudit

Nan gwo pwojè peyi Arabi Sawoudit genyen pou bay Saudi Pro League la jarèt epi kreye yon Big Four nan chanpyona a, klèb ki pi popilè yo tankou Al-Ittihad, Al-Nassr, Al-Hilal, nan yon demach pou fè vini anpil gran jwè nan ekip yo pou mèkato a. Pou sa, gen 6 ansyen chanpyon mondyal ki kapab debake nan chanpyona sawoudyen an. Jwè sa yo se: N’Golo Kanté, Hugo Lloris, Angel Di Maria, Sergio Ramos, Busquets epi Lionel Messi.

Peyi Arabi Sawoudit pa kanpe nan pwojè li pou fè vini anpil gran non nan chanpyona lakay li an aprè Cristiano Ronaldo ki te rejwenn yo an desanm 2022 epi Karim Benzema ayè madi a. Yo pa kanpe, objektif la se fè siyen plis pase 20 jwè ki gen non pou vin rann Saudi Pro League la konpetitif epi prepare kandidati yo pou Mondyal 2030 lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

De (2) chanpyon mondyal 2010

Aprè Busquets te fin mete yon bout nan bèl paj istwa li ak Barcelone, ansyen chanpyon mondyal 2010 la ki gen 34 lane kapab rejwen peyi Arabisawoudit. Sergio Ramos, li menm dirijan PSG yo fèk remèsye, kapab ale nan menm sans lan. Ansyen kapitèn Real Madrid la poko konnen kibò l ap depoze valiz li sezon k ap vini an. Yon rezon anplis pou l ta ale nan Saudi Pro League la.

De (2) chanpyon mondyal 2018

De (2) ansyen chanpyon mondyal 2018 ki kapab rejwenn chanpyona sawoudyen an daprè sa Le Parisien fè konnen. N’Golo Kanté ki nan fen kontra li avèk Chelsea, kapab rejwenn nouvo klèb Karim Benzema a, Al-Ittihad. Epi Hugo Lloris ki ap evolye nan Tottenham, Al-Hilal ta pwopoze l yon salè k ap twa fwa plis sa l ap touche chak mwa ak Spurs yo.

De nouvo chanpyon mondyal 2022 yo

Messi ak Dimaria, 2 Ajanten ki apèn rive nan fen kontra yo ak klèb yo epi ki kite ekip yo, se 2 lòt sib dirijan sawoudyen yo. Malgre anvi Messi pou l ta tounen nan FC Barcelone, klèb Al-Hilal la pwopoze Pulga a 400 milyon ewo chak sezon.

San bliye anpil lòt non tankou Luka Modric, Jordi Alba, Romelu Lukaku, Roberto Firmino k ap site ki ta kapab rejwenn Saudi Pro League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive