Depi apre anons pwogram » Humaniterian Parole » la, oswa » Pwogram Biden » nan, jan anpil Ayisyen rele l la, plizyè santèn sitwayen Ayisyen rasanble tou pre sant resepsyon yo pou aplikasyon paspò, anpil nan yo ale nan lespwa y ap jwenn paspò yo. Genyn tou ki ale nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon ak lespwa y ap antre, malerezman plizyè semèn konn pase, menm mwa, yo pa jwenn chans sa a.
Gen kèk ki fè konnen yo konn fè plizyè semèn ap pran liy devan Imigrasyon yo pa janm ka antre, gen lòt ki konn rete dòmi devan Imigrasyon oswa lokal biwo Imigrasyon yo nan move kondisyon ak lespwa pou yo fè pati moun sa yo k ap gen chans antre anndan Biwo a.
Genyen ki admèt yo peye plis pase 100 mil goud pou yo ka fè pyès idantite sila a, san bliye jèn fi kèk anplwaye Imigrasyon kouche malgre gwo sòm yo peye, jan plizyè òganizasyon k ap defann dwa moun rapòte sa.
Men sepandan, aprè tout kalamite sa yo, anpil sitwayen fè konnen lè yo resi jwenn paspò yo, yo jwenn li ak erè sa ki son gwo kòve pou yo. Se ka Cleeford, yon jèn sitwayen ki pase 2 mwa ap domi epi mache nan Biwo lokal Imigrasyon yo pou l te kapab jwenn paspò l.
« Mwen pase kont mizè m devan Imigrasyon, pandan 2 mwa avan pou m resi antre epi fè paspò sa a », te eksplike Cleeford nan mikwo NetAlKole Média, avan li te kontinye pou l fè konnen lè l resi jwenn paspò a, yo fè erè nan non l ak nan dat li fèt la.
» Mwen fè plizyè semèn, chak mwen ale paspò a poko pare, lè mwen resi ale mwen jwenn li an, mwen wè yo fè erè nan non mwen ak nan dat mwen fèt la, mwen dekouraje, mwen pa konn sa pou m fè anko », te di jèn sitwayen an ak dezolasyon.
N ap note, sitiyasyon sila a pa rive sèl jèn sitwayen sa rive, daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, anpil lòt sitwayen ap fè fas ak menm sitiyasyon an.
Òganizasyon sitwayèn pou yon nouvèl Ayiti( OCNH) nan dat ki te mèkredi 15 mas 2023 a, nan yon konferans ak laprès, te di gen 40% paspò enprime nan direksyon imigrasyon ak emigrasyon ki gen erè ladan yo. Yon lòt kote òganizasyon dwa moun nan te raple Sèvis doleyans nan imigrasyon fèmen tou.
Facebook Comments