Apre plis pase vennkat èd tan Premye minis Ariel Henry kondane asasina 2 jèn jounalis yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
apre plis pase vennkat èd tan premye minis ariel henry kondane asasina 2 jèn jounalis yo 

Yo touye 2 jounalis e yo boule  yo pandan yo tap kouvri yon konfli ant gang nan Site Solèy. Dr Ariel Henry aprè plis pase vennkat èd tan di li kondane zak sa ki te fèt dimanch 11 septanm 2022 a nan pi gwo bidonvil nan peyi a. 

“Nou sezi anpil pa nouvèl asasina 2 jèn jounalis: Tayson Latigue ak Frantzsen Charles, Dimanch, nan Sité-Solèy, nan egzèsis pwofesyon yo”,  ekri chèf gouvènman an Ariel Henry lendi swa, avan li kontinye pou li di “Nou kondane ak tout fòs zak babari sa a, pandan n ap voye panse sensè nou bay fanmi viktim yo ak kòlèg yo”. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nap raple nou, 2 nan 7 jounalis ki t ap  kouvri repòtaj nan yon distri Site Solèy, kote te gen yon eklatman sanginè ant gang, te arive jwenn lanmò anba men bandi epi boule. Repòtè yo te idantifye kòm Frantzsen Charles, ki tap travay pou FS News, ak Tayson Lartigue nan Ti Jenn Jounalis. 

Pòtpawòl polis nasyonal la, Garry Desrosiers, di li “te aprann nan men laprès senk nan jounalis yo te kite ak difikilte Site Solèy kote ki te gen gwo afwontman gang ak gang, epi li fè konnen tou 2 lòt yo te pèdi lavi yo, nan yon sitiyasyon ki trè konplike. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.