Peyi-Lòk : Yon madi tansyon nan plizyè vil peyi a, pami yo Pòtoprens 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
peyi lòk yon madi tansyon nan plizyè vil peyi a, pami yo pòtoprens 

Anons Premye Minis Ariel Henry pou ogmante pri gaz la nan ponp yo lakòz sitwayen yo move kou kong jodi madi 13 septanm 2022 a,  malgre li te prevwa leve kanpe yo anvan menm li te fin pale. Plizyè vil nan peyi a, pami yo kapital Pòtoprens, leve anba gwo barikad. 

Barikad tout kalite obsève atravè divès rakwen  peyi a. Lokatè primati a te deklare ” Mwen konen gen anpil moun ki pral fè tèt nou pou nou pran lari pou kontrekare desizyon sa a” se kòmsi Ariel te di pèp la prepare yo pou yo manifeste. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Korespondans nou yo ki te fè yon sèl ak sous nou yo te siyale nou plizyè mouvman tankou Pòtoprens, Dèlma, Gonayiv, Sen Mak, Okap, Jeremi pami lòt vil ki afekte nan mouvman sa a. 

Sitwayen yo re pile beton an pou pwoteste kont desizyon Premye Minis Ariel Henry pran pou ogmante pri gaz la nan ponp yo mete sou ensekirite a, lavi chè, enjerans gouvènman aktyèl la pandan sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a pi malouk chak jou pi plis. 

Yo avèti Premye Minis lan si li pa kotije diskou l peyi a ap bloke nèt ale. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.