« Ariel Henry ap mete lwil nan dife a », Daprè Youri Latortue 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry ap mete lwil nan dife a, daprè youri latortue 

Ansyen Senatè Youri Latortue, pandan l tap pale lendi 12 septanm 2022 sa a nan emisyon « Le Rendez-Vous » ak Volcy ASSAD, di li kwè Premye Minis Ariel Henry te mete gaz nan dife a lè li anonse ajisteman pri pwodwi petwòl yo pral genyen an.Lidè AAA a ankouraje gouvènman an chèche lajan nan lòt sous nan administrasyon piblik la ki kapab amelyore finans piblik la. 

Nan premye anivèsè Akò 11  septanm pou Gouvènans Pasifik ak Efikas nan Peryòd Pwovizwa ki te siyen ant Premye Minis Ariel Henry ak pati politik yo, gwoup sosyete sivil òganize yo ak òganizasyon de baz yo, Premye minis la te pwofite bay yon diskou, pandan diskou sa, chèf gouvènman an te anonse ajisteman pri pwodwi petwòl yo. Daprè Premye minis la desizyon sa a se pou konpanse pèt Leta fè yo nan sibvansyone pri pwodwi petwòl yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Youri Latortue, lidè AAA, desizyon sa a pa apwopriye e li pa pran an konsiderasyon reyalite pèp la ap viv jounen jodia.  “Leta oblije sibvansyone gaz.  Ariel Henry ajoute gaz nan dife a.  Se pa konsa sa ta dwe fèt.  Fòk li sispann gaspiye resous,” di Youri Latortue, ki fè konnen chèf gouvènman an pa gen okenn kontak ak kontèks ayisyen an.  « Peyi a ka pete nan men Ariel Henry, » se deklarasyon ansyen Senatè a. 

Ansyen palmantè a Youri Latortue te ankouraje gouvènman an pou li chèche yon lòt sous ki kapab ogmante finans piblik la. Li endike leta ayisyen pèdi 20 milya goud nan franchiz. Pou ansyen palemantè a, chita sou  pwosesis sa a kapab revitalize finans piblik la.  

Li konseye leta sispann sibvansyon li bay moun epi sèvi ak revni dyaspora a avèk sajès pou imigrasyon ak lòt sèvis. Youri Latortue kwè gen vrè mekanis leta ayisyen kapab itilize pou l kontinye sibvansyone pwodwi petwòl yo nan payi a. 

Premye minis Ariel Henry, nan adrès ak nasyon an dimanch 10 septanm lan, fè konnen gouvènman ayisyen an deja pran dispozisyon pou ogmante pri pwodwi gaz nan ponp yo. Chèf gouvènman an endike yo pran desizyon sa a pou konpanse pèt yo nan Leta a nan sibvansyone pri yo nan pwodwi petwòl. 

Kòm repons, yon sitiyasyon gwo tansyon te domine sou gran wout Delmas. Yo te monte barikad epi yo te boule on pakèt kawotchou sou wout la. Delmas 30, 33, 40B ak 48, trafik te paralize nèt.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.