US Open : Rafael Nadal elimine nan uityèm de final 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
Foto : 10sport

Jwè tenis espànyòl la, Rafael Nadal jwenn eliminasyon l nan uityèm de final tounwa US Open nan, lendi 5 Septanm nan. Se ameriken an Frances Tiafoe ki mete lejand lan deyò. Nadal p ap ranpòte twazyèm tit gran chelèm li pou ane a.  

Avan match uityèm de final US Open ki jwe jodi a, Rafael Nadal potko janm pèdi yon match nan Gran chelèm pou ane a. Sèl tounwa l pa t ranpòte a se te Wimbledon men se fòfè li te deklare avan match demifinal li a devan Kyrgios. Fwa sa, ameriken an Frances Tiafoe mete do espànyòl la atè pou bon (6-4, 4-6, 6-4, 6-3) nan 4 sèt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nadal te sou wout pou al jwe yon dizyèm kadefinal nan US Open. Men Tiafoe ki rive nan stad sa pou premye fwa nan gran chelèm New York la te leve nivo a pou l pouse do youn nan meyè jwè jwèt sa pa janm konnen. Frances genyen premye sèt la, Nadal pran dezyèm Nan epi Frances genyen 2 dènye sèt yo ki tou fè l jwenn kalifikasyon l. 

Sezon gran chelèm nan fini pou Rafael Nadal, li pran 2 nan 4 sa ki jwe yo (Open d’Australie ak Roland Garros). Sa pral fè 3 lane youn kole ak lòt kote ni Nadal, ni Federer, ni Djokovic pa pran US Open nan. An 2020 se te Thiem, ane pase se te Medvedev. Kiyès k ap pran l ane sa ? Nou poko konnen, men ameriken 24 lane a ap kontinye fè chemen l devan piblik li. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.