Mètrès Thôya, yon nanm k ap milite pou prezève lakilti

Peterson Dorsainvil
Par Peterson Dorsainvil
mètrès thôya, yon nanm k ap milite pou prezève lakilti

Ayiti se yon peyi ki make liv istwa ak yon gwo so. Se yon peyi ki rich ak tradisyon ak espirityalite ; se yon peyi – malgre pwa lou akiltirasyon – ki gen plizyè moun ki pa sispann lite pou kenbe ak fè pwomosyon pou kilti l, ki se yon bagay ki san parèy. Pami moun sa yo, nou jwenn Thôya, yon fanm djanm ; yon vodwizan k ap goumen pou lakilti e ki pa sispann angaje l pou n gen yon lòt sosyete ; yon sosyete kote n pa p gen twòp kè sote pou demen tchovi yo. Angajman l nan kominote a fè de li yon modèl ak yon poto mitan pou kilti peyi a.

Non paran Thôya te ba li lè l fèt se Martine Phebe. Li grandi ak 2 sè epi yon frè. Li fè etid nan syans jiridik. Li rete kwè l te konekte ak vodou depi l fèt men, malerezman, lekòl ak relijyon kolon an te elwanye l de tras chimen zansèt yo. Lè l rann li kont de sa, li chanje fizil zepòl epi mande zansèt yo padon.

Di Thôya se di yon fanm ki gen nanm ; se yon 3 pawòl kote panse, di ak fè marande. Kòm pi bon fason pou w chanje sa w pa dakò se goumen kont li e Thôya pa dakò ak jan n remèt sa ki se, selon li, relijyon kolon an peyi a, se youn nan prensipal rezon konba l la. Pou li, Ayiti se tè vodou. Nan sans sa, li deklare : « Si nou ta di Ayiti se yon gato, ebyen vodou se mèt gato a. Pèp ayisyen dwe konprann ke mèt gato pa manje myèt ! Ke yo mete kran pou remete vodou a nan nannan zile sa l fè n kado a ».

Orijin travay Thôya

Sa fè kèk tan depi Ayiti kase tèt tounen nan chimen devlopman. Anpil pitit li blije vire do ba li swa pou sove po yo oubyen pou divès lòt rezon. Nan lane 2018, sitiyasyon malouk peyi a te entèpele Martine Phebe. « Antanke yon sitwayen epi moun ki atache ak Ayiti, lè m konstate eta peyi a, lè m konnen ki sakrifis ke mesyedam Vètyè yo te fè, lè m sonje ki kalte pèp nou dwe ye epi m konstate nan ki matchak sosyete n nan ye… mwen di tèt mwen fòk mwen fè kichòy, fòk mwen aji… paske yon bon sitwayen, se yon moun ki itil ; mwen di fòk mwen itil peyi m epi mwen lanse Thoy’art an 2018 », se sa l fè konnen nan yon ti bat bouch li te genyen ak redaksyon Netalkole Media. N ap note ke yon ti tan apre, an 2019, li te lanse Mouvman ARL (Agrikilti-rebwazman ak lelvay).

Depi lè a, Thôya pa sispann angaje l pou chanje sitiyasyon peyi a sou divès fòm. Li difisil pou yon moun ki prezan sou rezo sosyal yo pa kwaze avè l. Li toujou ap ekspoze travay li : plante pye pwa, manje lokal, levasyon tchovi yo, elt. Yon lòt bò, Thôya pa sispann, sansibilize, konsyantize pèp la e ankouraje chak grenn moun pou yo enplike yo nan batay pou n chanje lakay epi prezève lakilti. Konsa, n a va wete peyi a sou lagraba.

Thôya gen yon lanmou apa pou timoun

Timoun senbolize lavi e lavi se yon bagay sakre. Thôya renmen timoun anpil e zèv li temwanye sa. Li fè pati de moun ki kwè youn nan pi bon fason Ayiti ka goumen kont fleyo akiltirasyon an se byen fè levasyon Tchovi yo pou aprann yo konn listwa yo, kiyès yo ye, elt. Li pa sispann goumen pou sa epi l chwazi bay zanfan yo yon gwo plas nan lavi l ak fondasyon Thôya.

Pou moun ki konn ap plenyen e vle fè kwè l pa gen dwa pran inisyativ li konn pran ak timoun yo, tankou sa konn fèt sou rezo sosyal yo, Thôya fè konnen : « Aksyon m yo toujou gen awè ak entèrese tchovi yo atache ak kilti yo, ak listwa yo, elt. Onètman, mwen konprann ke moun yo ka pale oubyen pa retwouve yo nan jan de travay nanm sa paske lekòl ak legliz kolonyal la te andoktrine yo pou pouse yo rayi sa yo ye. Kidonk, se nòmal pou yo afiche yon kòlè kont tout sa ki diferan de sa ke yo te mete nan tèt yo a ». Yon lòt bò, li fè konnen l pa p kite sa moun ap di anpeche l kontinye fè travay li.

Da, yon paj ki ekri ak lank lakontantman mele ak tristès nan liv lavi Thôya

Dalanchika Malbranch, ki te gen ti non jwèt « Nègès Da », se non yon demwazèl anpil moun ta pral tonbe damou sou rezo sosyal yo gras ak Thòya ki te pran responsabilite fè levasyon l, menm jan l fè l pou divès lòt timoun. Da te yon militan pou lanati e l te chante byen. Li menm ak Thôya te pataje yon lanmou san parèy ; imaj ki te toujou konn veyikile sou rezo sosyal yo temwanye sa. Malerezman, Da ta pral mouri jou ki te 23 janvye 2022 a. 6 jou apre, li ta pral genyen 9 lane.

Lanmò Da te yon gwo chòk pou anpil moun ; pou Mètrès Thôya, sitou. Moun ki pa t janm dakò ak oryantasyon l t ap bay Da te tou pwofite krache sou travay li a e menm arive akize l kòmkwa l ta responsab lanmò ti lèzanj lan. Ajoute sou sa, paran Da ta pral mennen Thôya lajistis. Se kòmsi lapenn te mete l an 4 pou l mache sou li.

Menmsi jij ki te responsab zafè a pa t kondane Thôya. Tout pwoblèm lanmò Da te koze yo kite yon sikatris ki pa p janm geri nan fon kè l. « Gen de tristès ke pèsonn pa p janm rive simonte ; ou jis kontinye viv, kontinye vanse. Men trayizon ke mwen te viv nan men fanmi li aprè Nègès Da te travèse a pi tris ankò ke tout lòt yo. Men nou djougan », li fè n konnen.

Malgre tou, li te deklare : « Da se pitit mwen. Li toujou prezan ; imaj li nan tout kay la. Travay la k ap kontinye a se yon fason pou di l ke nou la malgre eprèv la. Nou la paske nou te pwomèt li ke nou pa p kanpe pou limyè wouj. Fòs li toujou la pou akonpanye m ».

Dezabòne ak yon seri pèsonalite piblik, yon tchalenj Thôya lanse

Menm jan rezo sosyal yo gen pouvwa pou oryante anpil moun nan move chimen an, Thôya rete kwè lejou n byen itilize l, se va youn nan pi gwo zouti n ap genyen pou konstui sosyete sa n dwe genyen an. Menm jan l pa t ezite afiche soutyen l piblikman ak yon atis tankou Tafa Mi-Soleil pou dènye mizik li yo ak yon gwoup tankou Zafèm pou kalte albòm sa (LAS) Réginald Cangé met ansanm ak Dener Ceide pou pote bay piblik ayisyen an, se konsa l pa neglije afiche yon detachman ak tout pèsonalite ki ap agrave sitiyasyon peyi a akoz sa yo ap pwochte ki souvan ap oryante moun k ap suiv yo al jwenn betiz. Pou Thôya, nan tan nou ye la a, gras ak teknoloji a, sektè ki gen plis pouvwa pou detwi oubyen konstwi sosyete a se atis, enfliyansè, medya… Nan sans sa, li lanse yon tchalenj dezabonnman ak yo.

Divès moun nan tout kouch gentan reponn a envitasyon Thôya. Plizyè videyo patisipasyon a sa ap sikile sou rezo yo. Men Thòya poko satisfè e reve wè plis moun patisipe. Selon li, sa ap ede pi gwo rèv li genyen pou Ayiti a, ki se rèv byennèt pou tout moun ke zansèt yo te gen pou nou an, reyalize. Li rete kwè se rèv sa ke tout ayisyen ta dwe genyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.