Wakin Pierre se non enspektè polis sa ki jwenn arestasyon l jounen samdi 12 novanm 2022 a, nan zòn Mòn kabrit, ki te gen avè l plis pase 4000 katouch ak yon gwo kantite lajan.
Lapolis mete lapat sou enspektè Pierre Wakin ki afekte nan Palè nasyonal ki t ap transpòte nan yon machin Sèvis Leta yon kantite katouch. Nan moman arestasyon sa, ajan lòd yo rive konfiske 931 mil goud ak yon pistolè 9mm ki te nan machin sa.
Wo grade nan Lapolis te nan yon machin ki gen plak SE 0315 nan moman ajan Direksyon santral polis jidisyè yo ta pral mete men sou li nan zòn Mòn Kabrit.
Annatandan swit pwosedi administratif ak jidisyè yo, enspektè Wakin Pierre twouve l dèyè bawo nan Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ).

