Aktivite yo pral kapab reprann nòmalman nan Pak endistriyèl Karakòl apati demen lendi 14 novanm lan, plis pase yon mwa aprè yo te rive kanpe akoz pwoblèm kouran.
Konpayi NRECA international ki gen responsablite bay kouran nan Karakòl ak zòn anviwonnen yo anonse kliyantèl yo an y ap reprann aktivite yo apati demen lendi a, sa ki mennen a repriz aktivite yo nan Pak endistriyèl la ki twouve l nan Nòdès peyi a.
Mitan mwa septanm, konpayi ameriken an te anonse yo pa t an mezi pou te kontinye founi Pak endistriyèl la kouran akoz difikilte yo te genyen pou te jwenn gaz, sa ki pouse yo kanpe aktivite yo.
Avèk Tèminal Varreux ki debloke depi kòmansman semèn lan, plizyè enstitisyon ak antrepriz rive alimante. Gras ak sa, anpil nan yo anonse repriz aktivite yo pou demen lendi 14 novanm 2022 a.
Facebook Comments