Plizyè pwofesè mande pou grèv nan lekòl piblik yo sispann

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè pwofesè mande pou grèv nan lekòl piblik yo sispann

Èske yon antant ap rive jwenn ant pwofesè k ap fè grèv nan lekòl piblik yo avèk Leta ayisyen avan ane akademik 2022-2023 a klotire?

Plizyè pwofesè ki fè pati UNNOEH (Union Nationale des Normaliens.es Éducateurs.rices d’Haïti) mande pou kòlèg k ap fè grèv nan lekòl piblik yo sispann nan lide pou timoun yo ka byen klotire ane a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sendika sila mande pou anseyan pwotestatè yo sispann grèv la pou pote solidarite ak ajan edikatif yo ki viktim nan dènye inondasyon peyi a resanse yo epi tranblemanntè ki sekwe Grandans ak Sid la dènyèman.

Toutfwa, UNNOEH pa mete dlo nan bouch li pou kritike mank volonte otorite yo, patikilyèman minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ki pa montre pyès volonte pou satisfè revandikasyon pwofesè sila yo

N ap raple, plizyè lekòl piblik pa gen pyès pwofesè ki pou vin dispanse kou depi omwen 8 semèn akoz Leta pa peye yo. Pou fè vwa yo pase, yo sispann al dispanse kou nan lise ak lekòl nasyonal yo.

Grèv sila pwofesè yo tanmen an vin lakoz elèv yo pa pwogrese ditou nan pwogram yo te sipoze wè pou ane akademik 2022-2023 a, san konte lòt reta yo te pran akoz twoub sosyopolitik aktyèl la.

Plizyè fwa, plizyè santèn elèv lise, ki jwenn sipò lekòl prive, pran lari pou manifeste epi mande Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pou yo jwenn anseyan nan sal klas yo. Jiskaprezan sa pa janm fèt. Nan kèk depatman tankou Lwès, Sidès ak nan Nò, ap fè fas ak sitiyasyon sa, alòske lekòl pa lwen fèmen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.