Mèt Guiverna Guillaume enstale nan tèt Pakè Gonayiv la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
mèt guiverna guillaume enstale nan tèt pakè gonayiv la

Otorite Ministè jistis ak sekirite piblik yo nonmen yon nouvo Komisè Gouvènman nan tèt Pakè bò kote Tribinal premye enstans Gonayiv la. Mèt Guiverna Guillaume ranplase nan pòs sa, Mèt Moïse Deristin ki te revoke yon jou aprè nominasyon l.

Vrèman vre, Mèt Moïse Deristin pa t kapab enstale nan tèt Pakè Tribinal premye enstans Gonayiv la akoz move repitasyon li genyen. Se sa k fè, li te nonmen epi apre li te revoke nan jounen madi 9 me 2023 a. Pandan nonm lalwa a te nan tèt Pakè TPI a nan Sen Mak, avoka yo te akize l nan koze koripsyon, divisyon elatriye.

“Ministè jistis ak sekirite piblik ap prezante w konpliman li yo epi ap fè w konnen li te deside revoke desizyon ki te nonmen w komisè enterimè nan Biwo pwokirè piblik Tribinal premye enstans Gonayiv la”, ekri Ministè jistis ak sekirite piblik nan yon nòt ki te gen siyati Minis Emmelie Prophète-Milcé.

Bò kote pa l, nouvo Komisè a te mete aksan sou enpòtans denonsyasyon pou yon bon administrasyon jistis. Nan sans sa, li mande sitwayen yo pou yo denonse eksè yo, tout pandan li di jistis ak lapolis pral fè rès la.

N ap raple, Ansyen Komisè Gouvènman Gonayiv la, Mèt Sérard Gazius, te jwenn revokasyon l paske li te bay lòd pou libere Williams Raymond, prezante kòm manm gang “Kokorat Rat San Ras”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.