Ariel Henry pale li pa di anyen 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ariel henry pale li pa di anyen 

Aprè Primati a te anonse Premye minis peyi a te gen pou adrese l ak nasyon an ayè dimanch 18 septanm 2022 a, Ariel Henry te pran lapawòl bò 6zè epi pwononse sou sitiyasyon sosyopolitik aktyèl la. 

Lokatè Primati a t ap tante kalme tansyon ki gen nan lari a ak yon diskou politisyen, olye sa pawòl li yo se lwil yo voye sou dife a epi lakòz nan menm jou swa dimanch lan pèp la bloke lari a pi red. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan diskou l, PM defakto a te fè konnen pa gen pyès batay k ap fèt nan lari a vre pou zafè gaz ki pa genyen, ak move kondisyon vi, men pito se bandi k ap fè revandikasyon yo pase ak gwo zam fann fwa nan men yo. Anplis zak briganday ki fèt kont plizyè antrepriz ak enstitisyon.  

Divès pawòl ki leve plim sou do pèp la, ki pa t pran tan pou rekòmanse bloke lari a nan menm swa. Byen bonè lendi a peyi a bloke yon lòt fwa ankò. 

Wi, nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak nan plizyè vil pwovens, divès manb nan popilasyon an te kòmanse kraze brize. Yo deklare PM nan ap pase revandikasyon yo nan rizib, kounya yo pa p fè bak. 

Depi yè swa nan plizyè komin tankou Delma, Petyonvil, elatriye, kawoutchou te deja ap boule san konte gen plizyè zòn ki te gentan gen tire. Popilasyon an kanpe “Bwa kale” kont pouvwa anplas la.  

N ap raple, chèf gouvènman Tèt kale a te deklare sa pèp la t ap revandike a rezoud deja paske gen gaz pou founi nan ponp yo sou tout teritwa, pandan l te mande yo rantre lakay yo, libere lari a. 

Ariel Henry fè konnen gen anpil moun ki bezwen retounen nan aktivite yo oubyen ki bezwen al pran swen. Li te tou pwofite raple, pami plizyè lòt pwen, lekòl la ap louvri nan 2 semèn fòk gen preparasyon ki fèt pou sa. 

Siksesè Claude Joseph la di li ofri chèz ak tout moun ki vle chita dyaloge ak aji nan enterè nasyon an, men pèp la di pa bò kote pa l li pap negosye, ni pale ak mouche a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ariel Henry pale ak pèp la se kòmsi l pat di anyen, olye l chèche rezoud kriz la ak dlo, se lwil li voye sou li, kounya pèp la pi detèmine nan batay pou fòse l kite pouvwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.