Lapolis tiye 2 swadizan bandi nan  Kwadèboukè 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lapolis tiye 2 swadizan bandi nan  kwadèboukè

Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) fè konnen ajan li yo touye, san yo pa presize dat, de swadizan bandi, nan Komin Croix-des-Bouquets.  Dapre yon nòt PNH la, moun sa yo te touye nan echanj kout zam ak lapolis. 

Ajan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) te touye Loubents Saint Fleur ak Giro Altineus ki prezante kòm manm gang Kanaran ak 400 Mowozo nan Komin Kwadèboukè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Enstitisyon an fè konnen,  Loubents Saint-Fleur se te youn nan sòlda rapwoche Djeff , yon chèf  gang nan Kanaran 50 ak 70. Chèf gang sa, ki espesyalize l nan vòlè kamyon machandiz. 

Kanta Giro Altineus, lapolis Nasyonal Ayiti a  di se li ki te responsab ranson moun, sitou machann yo, pou l te ka voye lajan chak samdi bay chèf li, Lanmò San Jou, ki se chèf  gang 400 Mawozo a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.