Ariel Henry tounen sot Bahamas ak valiz li chaje pwomès

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry tounen sot bahamas ak valiz li chaje pwomès

Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, tounen sot Bahamas aprè li te patisipe nan somè USA-Caricom lan ak valiz li plen pwomès ak espwa pou lavni peyi a. Rankont entènasyonal sa te ofri Premye minis lan opòtinite pou l diskite sou defi Ayiti ap fè fas yo ak jwenn yon solisyon nan tèt kole ak peyi rejyon Karayib la. Vrèman vre, pandan yon pwen pou laprès aprè retou li an, Chèf gouvènman an te sitou diskite sou pwomès èd yo te fè Ayiti.

Pandan somè a, Ariel Henry te gen opòtinite diskite sou defi Ayiti ap fè fas ak solisyon posib yo ak lòt peyi manm Caricom ak Etazini. Diskisyon yo te konsantre sou sijè enpòtan tankou sekirite, ekonomi, anviwònman ak koperasyon rejyonal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Lokatè Primati a, Etazini angaje l nan chèche sipò pou Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) a. Epi, nan kontèks diskisyon k ap fèt yo, Ariel Henry souliye li pral yon lòt fwa ankò ekri Sekretè Jeneral Nasyonzini an, pou l repete demann li te fè nan mwa Oktòb pase a, konsènan fòs entènasyonal la.

Mete sou sa, Newochirijyen an fè konnen peyi Jamayik reyafime volonte l pou l patisipe nan yon fòs militè etranje pou ede Ayiti fè fas ak kriz ensekirite a.

Retounen Ariel Henry soti nan Bahamas ak valiz li plen pwomès, kreye lespwa nan mitan anpil Ayisyen. Kounya y ap tann akonplisman angajman sa yo e yo espere sa pral inogire yon nouvo epòk estabilite ak pwosperite pou peyi yo.

N ap raple, sou menm pwen sa, Ariel Henry te di pandan Fowòm Wo Konsèy Tranzisyon an li pa t mande entèvansyon militè nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.