NETALKOLE

Arsenal bat Manchester United epi rete solid nan tèt Premier League la 

Pou 21nyèm jounen nan Premier League la, yè dimanch lan, Arsenal montre li se yon lidè solid pou sezon 2022-2023 a. Nan pi gwo chòk jounen an, li rive mete do Manchester United atè (3-2). Pou sezon sa a, Gunners yo se favori pou genyen chanpyona a, tout kondisyon yo reyeni pou jwè Mikel Arteta yo ta pran Premier League la. 

 

Nan yon rankont solid ak anpil rebondisman, Arsenal genyen Manchester United (3-2), epi rete nan tèt klasman an ak 5 pwen (yon match an reta) devan Manchester City. Gunners yo montre fòs karaktè yo, kapasite ak zam yo genyen pou yo reyaji  kont advèsè yo nan chak rankont sa ki ba  yo  tèt Premier League la. 

 

Pou sezon sa nan Premier League la, Arsenal jwe 19 match, li fè 16 viktwa, 2 match nil epi yon sèl defèt. Sa ki ba yo 50 pwen nan chanpyona a. 

 

Yon bèl foutbòl, soti sou gadyen an, pase nan defans lan ak mitan teren an pou rive nan atak la, ekip Mikel Arteta a, ki se ansyen adjwen Pep Guardiola, rive konstwi yon ekip solid pou l toke konn li ak tout ekip nan Premier League la sezon sa. 

 

Aprè rankont lan,  Mikel Arteta fè konnen nan mikro Sky Sports :   » Se anpil emosyon, anpil pasyon ak anpil kalite. Pa gen pi bèl bagay pase sa aprè yon dèbi, jwe konsa kont ekip sa, sitou nan dezyèm mitan, se yon pèfòmans tèt chaje. Genyen konsa, bay viktwa plis piman.  Nou te byen òganize epi detèmine tou. Nou te rive jere moman fò yo nan match la san nou pat panike.  Nou te kwè nou tap genyen malgre boul la pat vle antre nan kan. M byen kontan sa rive fèt nan fen match la. »

 

Pi lwen antrenè Gunners yo pat kache admirasyon li pou jwè li yo epi  salye fòs karaktè yo sou teren an. 

 

« Nou te rete konsantre, mwen te vreman renmen pèsonalite jwè m yo sou teren an epi fason yo tap reyaji te fè m sezi. Nou ankouraje yo jwe bèl foutbòl epi gen anpil enèji nan ekip sa. Repete jwèt nou nan rankont konsa yo, fè m kwè anpil pou sa kap vini yo. »

 

Yon lòt bò Manchester United desann nan klasman an epi se 11 pwen ki separe li ak Gunners yo, jwè Ten Hag yo ka komanse di babay ak tit la pou sezon sa. Sèl ekip ki ka gate sezon Gunners yo se City, ki pap bay vag tout tan sezon an pa rive nan bout li. Ant elèv la ak profesè a kiyès kap pran Premier League la pou sezon 2022-2023 a

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Articles Similaires

1 de 1 075