Kafou Fèy : bandi ak zam kidnape yon pastè ak madanm li ki ta pral legliz

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kafou fèy bandi ak zam kidnape yon pastè ak madanm li ki ta pral legliz

Bandi ak zam moun pa rive idantifye, kidnape Pastè Dénord Dérival ak madanm li maten dimanch 22 janvye 2023 a nan zòn Savann Pistach, nan vil Pòtoprens, espesyalman nan Kafou Fèy.

Daprè enfòmasyon divès sous nou te kontakte, tankou Theriel Thelus, aksyon an pase byen bonè maten dimanch lan pandan viktim yo ta prale legliz. Kidnapè yo ki te kite abò yon motosiklèt 3 wou, sove ak otaj yo nan baz yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se devan legliz l ap dirije nan enpas « Bien-Aimé » a, ki pote non Refuge », espektak sila a pwodui, legliz la ki chita nan katye Kafou Fèy, ki te deja kòmanse rasanble moun pou sèvis te derape, malerezman kidnapè san fwa ni lwa te gen move zye sou pastè a ak madanm li.

Pastè Dénord Dérival, anpil moun plis konnen li nan Pòtoprens sou ti non li « Garry Publicité », yon ti non ki lye ak biznis piblisite li nan lari.

Poko gen okenn detay sou ranson ki egzije pou libere otaj yo, toutfwa nou an kontak ak kèk fanmi pwòch viktim yo. Yon dosye n ap swiv.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.